Plan Asistans Lang 2017 MPO (Metropolitan Planning Organization: Òganizasyon Planifikasyon Metwopolitèn) Rejyon Boston

1         ENTWODIKSYON

Nan politik MPO Rejyon Boston, yo pa ni fè diskriminasyon kont  Moun ki pa Metrize Lang Anglè (LEP: Limited English Proficiency) ni refize yo aksè enpòtan ak patisipasyon nan pwogram, aktivite ak sèvis MPO a bay yo. MPO a te devlope Plan Asistans Lang (Language Assistance Plan, LAP) pou asire ke tout pèsonèl yo anplwaye estrateji ki apwopriye pou evalye bezwen pou sèvis lang yo, pou mete an plas sèvis lang ki bay bon jan aksè a pwosesis planifikasyon transpò MPO a, epi pou pibliye enfòmasyon konsènan sèvis sa yo san yo pa enpoze yo sou resous MPO yo.

Atik VI nan Lwa sou Dwa Sivil 1964 la entèdi ajans federal yo fè diskriminasyon sou baz peyi orijin, ak benefisyè ak sou-benefisyè yo, yo deziyen kòm LEP yo. Anplis, EO 13166, «Amelyore Aksè à Sèvis pou Moun ki pa Metrize Lang Anglè » yo te siyen nan dat 11 out 2000, òdone ajans federal yo, ansanm ak benefisyè asistans finansye federal (tankou MPO yo), pou bay bon jan aksè lang pou LEP yo nan sèvis ajans yo. Kòm repons ak règleman sa yo, Depatman Transpò Etazini (United States Department of Transportation, USDOT), te bibliye politik oryantasyon nan lane 2005 pou benefisyè asistans finansye yo, ki dekri responsablite benefisyè yo pou founi bon jan aksè a LEP yo lè yo idantifye faktè yo dwe konsidere yo pou fè sa.

Pou reponn a responsablite sa yo, MPO a te devlope LAP la an fonksyon oryantasyon USDOT ak FTA, ke yo mete ajou chak twa zan. Jan Sikilè 4702.1B, FTA a te presize l la, LAP yo konsidere kat faktè ki vini apre yo, lè l ap detèmine bezwen lang LEP ke MPO a desèvi yo:

 

2         DETÈMINE BEZWEN LANG YO

Sa ki vini apre a analize chak nan kat faktè ki site anwo yo e li dekri rezilta analiz ki fèt pou chak faktè nan rejyon MPO a.

2.1     Faktè 1: Kantite ak Pwopòsyon LEP nan MPO Rejyon Boston an

Moun ki pa Metrize Lang Anglè se moun ki, dapre pwòp repons yo nan Ankèt Kominote Ameriken an (ACS, American Community Survey) pale Anglè « byen ,» « pa byen, » oubyen « pa di tou. » (Moun ki pa LEP se moun ki repòte yo pale Anglè « trè byen. ») Itilizasyon done MPO yo soti nan ACS1 2010-2014 pou detèmine kantite LEP ki gen senk an e ki pi gran k ap viv nan rejyon MPO a. Dapre done sa yo, yo konsidere 10.4% (311,134 moun) nan popilasyon 2,985,274 MPO a, ki genyen senk an ak sa ki pi gran, kòm moun ki pa metrize lang Anglè. Pi gwo pwopòsyon LEP yo pale Panyòl (33.9%), Chinwa vini apre (16.0%), ak Pòtigè (11.2%). Ansanm, LEP ki pale twa lang sa yo reprezante prèske de-tyè (61.1%) nan LEP MPO yo.2

Enstriksyon USDOT yo presize sikonstans yo tou ki vle di prèv solid konfòmite yon benefisyè ak obligasyon tradiksyon ekri yo. Si yon benefisyè bay tradiksyon ekri dokiman enpòtan nan lang ki reponn a sèten limit—ki rele « Lang Sekirize yo (Safe Harbor languages) »—alò gen chans pou yo konsidere ke yo te reponn a obligasyon yo. Lang sekirize se lang ki pa Anglè ke LEP yo pale (ki lizib, ke benefisyè a ka itilize, oubyen gen chans pou afekte oubyen rankontre) ki konstitye omwen 5% nan popilasyon an, oubyen 1,000 moun, pou pi piti. Nan rejyon MPO a, lang sekirize yo enkli moun ki pale lang ki nan Tablo 1 yo. Imaj 1 rive nan 7 nan fen LAP a montre distribisyon LEP yo pa analiz zòn analiz transpò (TAZ: transportation analysis zone), distribisyon LEP ki pale sis lang sekirize ki pi pale yo, ak distribisyon LEP tout 19 lang sekirize yo. Akoz depans pou founi tradiksyon pou tout 19 lang sekirize yo entèdi, e pliske 4 premye lang yo konstitye prèske 70 pousan nan tout LEP nan rejyon an, MPO a ap konsantre resous li yo sou lang sa yo: Panyòl, Chinwa (senplifye ak tradisyonèl, Pòtigè, ak Fransè/Kreyòl Ayisyen.

 

TABLO 1
Lang Sekirize yo Pale nan MPO Rejyon Boston nan

 

 

Lang

Popilasyon LEP

 

Pousantaj nan Popilasyon LEP

 Pousantaj nan Popilasyon MPO

Panyòl

105,380

33.9%

3.5%

Chinwa

49 909

16.0%

1.7%

Pòtigè

34,795

11.2%

1.2%

Kreyòl

21,566

6.9%

0.7%

Vyetnamyen

15,086

4.9%

0.5%

Ris

11 761

3.8%

0.4%

Arab

9 747

3.1%

0.3%

Italyen

7 792

2.5%

0.3%

Fransè

5 796

1.9%

0.2%

Koreyen

5 330

1.7%

0.2%

Grèk

3 701

1.2%

0.1%

Mon-Khmer, Kanbodyen

3 145

1.0%

0.1%

Japonè

2 749

0.9%

0.1%

Endou

2 063

0.7%

0.1%

Polonè

1 747

0.6%

0.1%

Amenyen

1 627

0.5%

0.1%

Gujarati

1 562

0.5%

0.1%

Tagalòg

1 376

0.4%

0.0%

Pès

1 247

0.4%

0.0%

Total

286,379

92.1%c

9.6%

Popilasyon LEP Total

310,999

100.0%

10.4%

Popilasyon Total ≥ Senk An

2,985,333

P/A

100.0%

a Ki pa nan popilasyon ki genyen 5 an ak sa ki pi gran yo. LEP yo enkli moun ki idantifye tèt yo kòm moun ki pale anglè « byen, », « pa byen, » e « pa di tou. » Moun ki pa LEP se moun ki repòte yo pale Anglè « trè byen. » b Popilasyon LEP total la ki itilize nan kolòn sa se 310,999. Pran nòt ke sa diferan de estimasyon LEP yo bay nan paj anvan an, 311,134. Gade nòt anba paj 2 a pou yon eksplikasyon. c 7.9% nan LEP yo pa pale yon lang sekirize.

LEP = Moun ki pa Metrize Lang Anglè (Limited English Proficiency). P/A = Pa aplikab oubyen disponib. Sous: Ankèt Kominote Ameriken, 2010-2014

 

2.2     Faktè 2: Frekans Kontak

MPO a gen kontak souvan e enprevi ak LEP yo, pou pifò akoz nati pwogram ak aktivite MPO yo. Metòd ki pi frekan pou kontakte yo se sit entènèt MPO a, blòg TRANSREPORT, ak anons yo voye pa imel ak/oswa yo voye sou Twitter bay moun ak òganizayon ki nan baz done kontak Ekite Transpò MPO a.

Lòt okazyon pou kontake LEP yo se nan evènman tankou atelye piblik MPO yo, joune pòt ouvèt ak lòt aktivite MPO yo, kote anpil nan yo fèt ansanm ak dokiman sètifikasyon MPO a devlope yo. MPO a fè yon efò pou idantifye epi rive jwenn minorite ak popilasyon LEP yo pandan pwosesis devlopman sa. Kat jewografik demografik yo itilize pou idantifye si yon rankont piblik toupre popilasyon LEP yo epi detèmine lang yo ta ka tradwi materyèl sansibilizasyon yo landan l yo.

2.3     Faktè 3: Nati ak Enpòtans Pwogram, Sèvis, ak Aktivite MPO yo

Plan ak finansman pwogram MPO pou pwojè transpò alavni yo nan rejyon Boston nan. Byenke MPO a pa founi sèvis transpò oubyen egzekite amelyorason yo dirèkteman, e byenke refi oubyen reta aksè nan pwogram ak aktivite MPO yo pa t ap genyen enplikason imedyat oubyen enplikasyon ki menase lavi LEP yo, amelyorasyon transpò ki soti nan planifikasyon ak desizyon pwogramasyon MPO yo genyen yon enpak sou mobilite ak kalite lavi tout rezidan yo.

Kontribisyon tout moun ki enplike yo enpòtan anpil pou pwosesis planifikasyon transpò a, alò MPO a envesti gwo efò pou dirije angajman piblik ki enkli tout moun. MPO a ankouraje epi ede piblik la konprannn pwosesis planifikasyon transpò a epi li bay anpil opòtinite pou piblik la patisipe epi kòmante atravè divès aktivite ki dekri konplètman nan Plan Patisipasyon MPO a.

MPO a dirije angajman piblik pou twa dokiman sètifikasyon li yo ak inisyativ  planifikasyon ki lye yo—Pwogram Travay Planifikasyon Inifye (UPWP: Unified Planning Work Program) yon ane a, Pwogram Amelyorasyon Transpò (TIP: Transportation Improvement Program) senk an, ak Plan Transpò Alontèm (LRTP: Long-Range Transportation Plan) 20 an - e plis la. Nan ka sa, devlopman dokiman sa yo ofri opòtinite pou piblik la kòmante sou itilizasyon fon federal yo pou etid planifikasyon ak pwojè kapital yo, e pou MPO a atenn LEP ak òganizasyon ki sèvi yo pou asire ke yo genyen opòtinite pou bay kontribisyon.

Nan kad pwosesis planifikasyon sa yo, pwojè ki seleksyone yo resevwa apwobasyon finansman federal epi pwogrese nan stad planifikasyon, konsepsyon ak konstriksyon pwojè yo sou responsablite jiridiksyon lokal (ki enkli minisipalite yo), ajans transpò eta yo, ak otorite sikilasyon rejyonal yo.

Ajans mizanplas sa yo genyen pwòp politik pa yo pou asire opòtinite pou LEP yo patisipe nan pwosesis ki konsevwa ki kote, kijan e kilè yon pwojè presi te enplemante. Anplis, pèsonèl MPO a ap chèche opòtinite pou enfòme moun ki pwopoze pwojè lokal yo, LEP yo ak lòt responsablite Atik VI yo pandan pwosesis seleksyon pwojè ak planifikasyon yo a.

Kèk nan dokiman ak materyèl sansibilizasyon MPO yo konsidere kòm dokiman ki vital pou piblik la pou konprann epi patisipe nan pwosesis planifikason transpò a, tankou

2.4     Faktè 4: Resous ki Disponib pou Benefisyè a

An fonksyon kantite ak kalite rankont y ap tradwi materyèl yo pou yo a, MPO a te gen bidjè fon ki ase pou tradwi dokiman enpòtan yo nan twa lang LEP yo pale plis yo, jan li dekri anwo a. Bidjè a gen ase fon tou pou tradwi dokiman yo nan lòt lang, jan li nesesè, pou sansibilizasyon piblik la oubyen pou reponn a demand yo. Jiska prezan, gen sèlman kèk moun ki te fè demand sa yo.

Politik MPO a se pou bay sèvis tradiksyon lè yo mande yo. Byenke MPO a te fè piblisite ke li genyen entèprèt ki disponib, yo pa t janm mande okenn nan yo jiska prezan. Malgre MPO a an mezi pou founi sèvis tradiksyon lang ak resous ki egziste jiska prezan yo, rejyon an dinamik e li kontinye ap atire popilasyon etnik ak kiltirèl divèsifye. Men, MPO a ap kontinye kontwole bezwen pou sèvis tradiksyon ak entèpretasyon yo dapre faktè en jiska twa nan Kat Faktè Analiz yo ak kantite demand li resevwa yo, epi l ap detèmine si politik aktyèl yo bezwen ajiste akoz kontrent pou resous yo.

 

3         BAY ASISTANS NAN LANG

3.1     Asistans nan Lang Oral

Anons pou tout rankont MPO eta yo ke sèvis tradiksyon (ki enkli Langaj Siy Ameriken) yo disponib nan rankont piblik yo sou demand, avèk avi alavans. Kantite rezidan LEP nan rejyon Boston, ansanm ak entèaksyon ke yo fè raman ak MPO a, te vle di ke yo pa mande MPO a founi sèvis lang souvan. Men, sa pa nesesèman vle di ke pa gen bezwen pou tradiksyon pami popilasyon rejyon an oubyen ke yo p ap

fè konnen bezwen sa alavni. Donk, pèsonèl MPO a ap kontinye eksplore fason pou asire ke yo reponn a bezwen lang yo alavni epi ankouraje LEP yo pou angaje nan pwosesis planifikasyon transpò MPO a.

3.2     Asistans nan Lang Ekri

MPO a itilize limit « sekirite » pou idantifye lang li ka nesesè pou gen tradiksyon ekri pou li yo. Benefisyè yo pa oblije bay tradiksyon ekri pou dokiman enpòtan pou tout lang sekirize yo; men, si yo fè sa, FTA a ap konsidere li kòm yon prèv solid konfòmite benefisyè a, a obligasyon pou tradiksyon ekri yo.

Pou reponn a bezwen LEP yo, MPO a tradwi dokiman enpòtan yo an, nan minimòm, twa lang LEP yo pi pale yo: Panyòl, Chinwa (senplifye), ak Pòtigè. Jan resous yo pèmèt li, MPO a ap tradwi dokiman enpòtan yo an: Chinwa (tradisyonèl) ak Kreyòl. MPO a pa tradwi dokiman enpòtan yo nan tout lang sekirize yo kounye a pou plizyè rezon: 1) MPO a pa antre an kontak ak LEP yo souvan oubyen sou yon baz regilye; 2) tradiksyon an se yon efò ki mande anpil resous; e 3) nan rejyon MPO a, kat premye lang sekirize yo konstitye 68 pousan nan popilasyon LEP a. Anplis, Avi pou Benefisyè LEP yo te devlope pou tout MPO Massachussetts yo pa Depatman Transpò Massachusetts (Massachusetts Department of Transportation, MassDOT). MassDOT founi tradiksyon avi a tou nan sis lang: Panyòl, Chinwa (tradisyonèl epi senplifye), Pòtigè, Kreyòl Ayisyen, Ris, ak Vyetnamyen. Fòmilè pou plent MPO a tradwi aktyèlman nan sis lang anplis anglè; MPO a ap tann pou MassDOT bay yon pwosedi plent regilye ki tradwi nan lang sa yo tou.

Apwòch sa ka pa reponn a tout bezwen lang yo. Analiz done lang yo montre ke byenke anpil nan LEP ki pale sis nan lang sekirize ki pi komen yo konsantre nan rejyon iben yo, espesyalman Boston, moun ki pale lòt 15 lang yo gen tandans pou yo pi dispèse sou plan jewografik. Nan lespri sa, politik MOP a se pou idantifye bezwen lang pou zòn kote l ap fè sansibilizasyon yo—pa egzanp, rankont piblik pou LRTP, TIP, oswa UPWP—epi founi tradiksyon ekri nan lòt lang yo jan li nesesè. Pou ede nan apwoch sa, pèsonèl la angaje pou idantifye LEP yo ak lang yo pale nan kote pèsonèl la ap fè evennman piblik yo.

3.3     Sit Entènèt MPO a

Pou reponn a bezwen tradiksyon sit entènèt la, sit entènèt MPO  a ebèje Google Translate, yon zouti ki baze sou navigatè a ki tradwi kontni sit entènèt la nan plis pase san lang, ki enkli tout lang sekirize nan rejyon

MPO a. Pou reponn a egzijans aksesiblite pou moun ki pa wè byen oubyen ki pa wè yo, dokiman MPO yo afiche sou sit entènèt la antanke fichye PDF ak sou HTML, ki pèmèt yo ka li awotvwa pa yon lektè ekran, epi pèmèt itilizasyon Google Translate pou tout dokiman ki sou sit entènèt la.

 

4         KONTWÒL AK MIZAJOU PLAN AN

MPO a kontinye kontwole bezwen lang k ap chanje rejyon  yo, epi modènize sèvis asistans lang yo jan li apwopriye. Pèsonèl la swiv kantite demand pou asistans lang yo epi li chèche aktivman fason pou elaji patisipasyon LEP yo nan pwosesis planifikasyon transpò li a. MPO a pa resevwa demand pou asistans pou lang oral nan twa ane ki pase yo.

Men, sa pa vle di ke p ap gen yon bezwen pi devan. MPO a fè pwomosyon pou sèvis asistans lang li yo atravè mwayen kominikasyon li yo, ki enkli avi pa imel ak sou sit entènèt MPO a. LAP MPO a ap revize toutotan done LEP yo ap vin disponib, e toutotan bezwen kominote LEP MPO yo ap chanje.

 

5         FÒMASYON PÈSONÈL

MPO a te devlope yon Manyèl Kont Diskriminasyon CTPS3, pou asire gen koyerans ant manm pèsonèl yo lè y ap entèaji epi bay sèvis a popilasyon ki pwoteje dapre Lwa sou Ameriken ki Andikape a, ak Atik VI la. Enfòmasyon ki nan manyèl sa kouvri sijè ki vini apre yo: pwodwi dokiman aksè ak kontni sou entènèt, pou rann rankont, fòmasyon yo aksesib nan fason ki apwopriye pou moun ki andikape ak LEP yo.

 

1 Pwiske done ACS yo dwe ajiste a resansman popilasyon ak total fanmi 2010 la, MPO a ap kontinye itilize done ACS 2010-2014 yo jiskaske done resansman 2020 yo pibliye, kòm se dènye piblikasyon ACS ki genyen done ankèt 2010 yo ladan l.

2 Sipresyon done ki nan tablo lang nan ACS yo lakoz total LEP ki soti nan done sa yo diferan de sa ki nan tablo ACS yo kote total moun ki metrize lang Anglè yo soti yo. Total popilasyon LEP ki soti nan tablo lang yo se 310,999, alòske estimasyon LEP ki soti nan tablo moun ki metrize lang Anglè yo se 311,134. Pou reponn a pwoblèm sa, MPO a itilize total jeneral moun ki metrize lang Anglè yo lè l ap kalkile popilasyon LEP pou rejyon an, epi li itilize lang polilasyon LEP a lè l ap itilize lang sekirize yo.

3 Pèsonèl Planifikasyon Transpò Santral la (CTPS: Central Transportation Planning Staff) se pèsonèl MPO Rejyon Boston an.