Rezime egzekitif

Plan Transpò Alontèm

entwodiksyon

Dokiman sa, ki se Destinasyon 2040, se Plan Transpò Alontèm (LRTP: Long-Range Transportation Plan) Òganizasyon Planifikasyon Metwopolitèn (MPO: Metropolitan Planning Organization) Rejyon Boston k ap oryante desizyon sou envestisman nan rezo transpò rejyon an pou fè sistèm nan soti nan eta prezan li pou rive nan vizyon MPO a pou sistèm nan alavni:

Òganizasyon Planifikasyon Metwopolitèn Rejyon Boston nan Anvizaje yon sistèm transpò modèn epi ki byen antretni ki kore dirabilite, sante, vivabilite ak yon rejyon ki dinamik sou plan ekonomik. Pou reyalize vizyon sa, sistèm transpò a dwe gen sikirite epi solid; enkli teknoloji k ap emèje yo; epi bay aksè ki jis, mobilite ki ekselan ak opsyon transpò ki varye.

Pou ede reyalize vizyon MPO a, LRTP sa idantifye objektif yo, evalye bezwen yo, epi fikse priyorite yo, ke finansman federal yo ap sipòte ke MPO a resevwa pou planifikasyon ak pwogramasyon envestisman yo nan pwojè kapital yo. Men, akoz enfrastrikti transpò yo ansyen e resous  rejyon an limite, MPO a kontinye abòde pwoblèm sa yo atravè LRTP a:

Kijan nou ka kenbe rezo transpò a pou reponn a bezwen ki egziste yo, adapte epi modènize li pou demand alavni yo, epi travay an menm tan nan reyalite resous fiskal limite yo?

MPO a rekonèt divès bezwen transpò yo nan rejyon Boston. Kesyon sistèm konsèvasyon ak modènizasyon, sekirite, kapasite jesyon ak mobilite, anviwònman, vitalite ekonomik, ak jistis anviwònmantal yo dwe abòde epi balanse pou atenn objektif MPO yo. Nan repons a defi sa, Plan ki Rekòmande a demontre metòd MPO a pou bay finansman ki apwopriye pou gwo pwojè enfrastrikti ak pwogram envestisman yo.

Pandan devlopman LRTP anvan an, ki Trase Pwogrè vè 2040 lan, MPO a evalye pratik pase li yo ankò epi defini nouvo mwayen lè li abandone finansman pou pwojè agrandisman imèb ki chè anpil yo ki fèt pou fasilite konjesyon sikilasyon yo, e li etabli plis finansman pou ti pwojè operasyon ak jesyon ki sipòte pwojè bisiklèt, pyeton ak sikilasyon, ansanm ak gwo amelyorasyon wout nan plas yo. Destinasyon 2040 lan ap kontinye pratik sa epi ogmante finansman pou operasyon ak pwogram jesyon yo.

MPO a te devlope Destinasyon 2040 lan nan konfòmite ak lejislasyon sou Otowout federal aktyèl la, Lwa sou Reparasyon Sifas Transpò Amerik la (FAST: Fixing America’s Surface Transportation), ki reji aktivite MPO yo. Anplis, patisipasyon piblik la bay kontribisyon kontini ki enpòtan anpil nan pwosesis pou pran desizyon MPO a. Pandan tout devlopman LRTP sa, MPO a te angaje nan gwo sansibilizasyon avèk yon lèy pou rann patisipasyon piblik la pi apwopriye, atiran epi angaje pou tout moun. An patikilye, MPO a te chèche brize baryè patisipasyon yo pou moun ki te enplike nan fason minim tradisyonèlman nan pwosesis planifikasyon kontini, konplè, kolaboratif (3 K) tankou minorite oubyen popilasyon ki pa gen gwo mwayen yo, moun ki genyen 75 an oubyen plis, moun ki genyen 17 tan oubyen ki pi jèn, ak sila yo ki gen metriz Anglè ki limite oubyen enfim yo. Efò sansibilizasyon sa yo te fèt atravè Pwogram Patisipasyon Piblik MPO a, ki konsantre sou pwopagasyon itilizasyon fòm kominikasyon elektwonik yo ak teknik angajman entèraktif yo.

Bezwen Transpò yo

Nan kòmansman pwosesis pou devlope Destinasyon 2040 lan, yo te evalye bezwen transpò rejyon an yo pou ede komite MPO a deside ki pwojè pou finanse nan LRTP a. Evalyasyon Bezwen yo lye ak Destinasyon 2040 lan genyen ladan yo enfòmasyon sou sifas sistèm transpò rejyon an itilize kounye a; pwojeksyon sou fason li ka itilize alavni; kijan li entèraji ak kondisyon itilizasyon tè ak anviwònman an; e nan ki pwenli sèvi popilasyon ki pa gen gwo mwayen, minorite, ak lòt popilasyon ki istorikman defavorize yo. Evalyasyon Bezwen yo, etabli tou baz pou kontwole pwogrè atravè pwosesis planifikasyon ki baze sou pèfòmans MPO a.

Done Evalyasyon Bezwen yo disponib sou sitwèb MPO a pou ede enfòme piblik la epi rann pwosesis planifikasyon an pi transparan. Ou ka jwenn dokiman Evalyasyon Bezwen yo sou sitwèb MPO a tou, ki rezime done sa yo epi idantifye bezwen ki pi enpòtan rejyon an pou chak objektif MPO a. Evalyasyon Bezwen yo rann li klè ke sistèm transpò a egzije mentnans ak modènizasyon ki konsiderab, e ke gen yon bezwen pou abòde kesyon sekirite ak mobilite nan tout fason.

Lè l itilize Evalyasyon Bezwen yo ak kontribisyon piblik la, staf MPO a konpile yon Inivè Pwojè ak Pwogram ki ta ka finanse pou abòde epi idantifye pwoblèm yo; yo te pran pwojè ak pwogram yo chwazi pou evalyasyon ak enklizyon nan LRTP sa, dirèkteman nan lis sa.

Vizyon, Bi ak Objektif yo

MPO a te konsidere kontribisyon piblik la pandan devlopman Evalyasyon Bezwen pou Destinasyon 2040 lè w ap vizite vizyon ak objektif ki egziste li yo. MPO a te revize deklarasyon vizyon li baze sou kontribisyon sa, pou mete plis aksan sou mentnans ak rezistans sistèm transpò a. MPO a ak piblik la ap kontinye anvizaje sistèm transpò alavni an lè l konsantre sou objektif ki lye ak sijè sa yo:

Yo te pran kontribisyon piblik la nan konsiderasyon lè MPO a te revize plizyè objektif pou chak domèn objektif. Anplis pou ranfòse objektif ki konsantre sou mentans ak rezistans sistèm nan, te gen chanjman ki te fèt tou nan objektif ekite transpò yo. Lòt chanjman yo genyen ladan yo aliyman ak objektif ak wòl ak responsablite MPO yo ak fizyònman nouvo egzijans planifikasyon yo.

MPO a itilize domèn objektif yo pou kategorize pwoblèm yo ak egzijans ki lye yo pou rezo transpò a nan Evalyasyon Bezwen yo. Estrikti sa te pèmèt MPO a fikse objektif ki, si yo reyalize, ta ka abouti sou solisyon pou pwoblèm yo idantifye yo epi ede rejyon an reyalize vizyon li. (Gade Imaj ES-1.)

 

 

Imaj ES-1 Vizyon, Bi ak Objektif Destinasyon 2040 lan

 

Deklarasyon Vizyon Santral

 

Òganizasyon Planifikasyon Metwopolitèn Rejyon Boston nan Anvizaje yon sistèm transpò modèn epi ki byen antretni ki kore dirabilite, sante, vivabilite ak yon rejyon ki dinamik sou plan ekonomik. Pou reyalize vizyon sa, sistèm transpò a dwe gen sikirite epi solid; enkli teknoloji k ap emèje yo; epi bay aksè ki jis, mobilite ki ekselan ak opsyon transpò ki varye.

BI

OBJEKTIF

Sekirite

Tout mwayen transpò yo ap sekirize

• Diminye kantite ak gravite aksidan ak sekirite ensidan yo pou tout mwayen yo
• Diminye blese grav ak desè yo nan transpò
• Fè envestisman epi sipòte inisyativ ki ede pwoteje  konsomatè transpò, anplwaye, ak piblik la kont menas sekirite yo

Sistèm Konsèvasyon ak Modènizasyon         

Kenbe epi modènize sistèm transpò a epi planifye pou rezistans li

Kenbe sistèm transpò a, ki genyen ladan l, wout, sikilasyon ak enfrastrikti transpò, nan yon eta pafè
• Modènize enfrastrikti transpò a atravè tout mwayen yo
• Priyorize pwojè ki kore kapasite respons planifye pou kondisyon ekstrèm ki la deja ak sa k ap vini yo (ogmantasyon nivo lanmè, inondasyon, ak lòt enpak natirèl ak lòt enpak lèzòm fè ki lye ak sekirite)

Jesyon Kapasite ak Mobilite

Itilize kapasite fasilite ki la deja a nan fason ki pi efikas epi ogmante opsyon transpò yo

   • Amelyore aksè ak aksè nan tout mwayen yo, espesyalman sikilasyon ak transpò aktif

• Kore aplikasyon jesyon wout ak estrateji operasyon pou amelyore fyabilite deplasman, diminye konjesyon, epi sipòte opsyon deplasman veyikil ki pa gen yon sèl moun ladan l.

• Mete aksan sou jesyon kapasite atravè envestisman ki pa chè; priyorize pwojè ki konsantre sou depans operasyon ki ba / amelyorasyon kalite jesyon tankou amelyorasyon entèseksyon, priyorite sikilasyon, ak solisyon Ri ki Fini

• Amelyore fyabilite sikilasyon

• Ogmante pousantaj popilasyon ak travay ki nan yon ka kilomèt estasyon sikilasyon ak arè
• Sipòte sèvis ki baze nan kominote a ak inisyativ prive ak pwogram pou reponn ak premye / dènye kilomèt ale retou, ak lòt bezwen sikilasyon / transpò ki pa tradisyonal, ki genyen pa moun 75 an oswa plis yo ak moun ki gen enfimite
•  Sipòte estrateji pou jere pi byen kapasite ak izaj paking otomobil ak bisiklèt  nan estasyon tranzit yo
• Amelyorasyon finansman nan rezon bisiklèt  / pyeton ki vize pou kreye yon rezo bisiklèt ki konekte ak twotwa ki aksesib (ni sou plan rejyonal ak nan katye yo) lè  li agrandi enstalasyon ki la deja yo epi konble lakin yo
• Ogmante pousantaj aksè enstalasyon rezo bisiklèt la pou popilasyon ak plas travay yo
• Elimine goulo yo sou rezo transpò / amelyore fyabilite transpò a
• Amelyore koneksyon transpò entèmodal yo

 

Ekite Transpò

Asire ke tout moun resevwa benefis ki konparab, e ki pa gen eka nan fason ki pa pwopòsyonèl pa envestisman MPO yo, kèlkeswa ras, koulè, orijin nasyonal, laj, revni, kapasite oubyen sèks

• Priyorize envestisman MPO ki  benefisye ekite popilasyon yo*
• Minimize  efè danje anviwònmantal, sante, ak sekirite posib  pwojè MPO finanse yo pou tout ekite popilasyon yo*
• Fè pwomosyon envestisman ki kore transpò pou tout laj (kominote ki adapte pou moun aje)
• Fè pwomosyon envestisman ki aksesib pou tout moun kèlkeswa kapasite
*Ekite popilasyon yo genyen ladan yo moun yo idantifye  kòm minorite, ki gen kapasite Anglè ki limite, ki genyen 75 an oubyen plis oubyen 17 tan oubyen pi piti, oubyen ki genyen yon enfimite; oubyen ki se manm fanmi ki pa gen gwo mwayen.

Lè Pwòp / Kominote Dirab

Kreye yon sistèm transpò ki ekolojik

• Diminye gaz efè sèr ki pwodui nan rejyon Boston  pa tout mwayen transpò yo
• Diminye lòt sibstans polyan ki lye ak transpò
• Minimize enpak anviwònmantal sistèm transpò a
• Sipòte tè a

Vitalite Ekonomik

Asire ke rezo transpò nou an bay yon fondasyon ki solid pou vitalite ekonomik

• Reponn a bezwen mobilite popilasyon aktif la
• Minimize chaj depans lojman / transpò pou rezidan nan rejyon an
• Priyorize envestisman transpò ki sèvi rezidansyèl, komèsyal ak lojistik ki sible sit devlopman ak « Kote Priyorite » yo idantifye nan plan Konsantrasyon 40 MBTA a
• Priyorize envestisman transpò ki konfòm ak estrateji kwasans plan itilizasyon tè rejyonal la

 

 

Sous: MPO Rejyon Boston.

Ansanm, vizyon, bi ak objektif yo poze baz pèfòmans MPO a ki baze sou pratik planifikasyon ki an retou, enfòme sou tout travay MPO a fè yo epi ki genyen ladan yo, evalyasyon ak chwa pwojè ak pwogram pou LRTP a, chwa pwojè pou Pwogram Amelyorasyon Transpò (Transportation Improvement Program, TIP), epi chwa etid planifikasyon pou Pwogram Planifikasyon Transpò Inifye a.

Finanse Rezo Transpò a

Pandan 20 tan plan sa, MPO Rejyon Boston nan genyen pouvwa sou fon federal 2.9 milya dola yo, ki ka depanse sou pwojè transpò otowout oubyen ki flechi sou pwojè sikilasyon yo. Ajans federal la te avize MPO a pou asime ke revni yo ta ka ogmante a 2.2 pousan chak ane pou ane fiskal federal yo (FFY: federal fiscal years) 2015 rive 2040. Pou menm peryòd la, yo te avize MPO a pou asime ke depans pwojè yo t ap ogmante a kat pousan chak ane. Si ipotèz sa yo soti vrè, depans pwojè yo ap depase revni ki disponib yo k ap abouti sou diminisyon pouvwa acha a nan ane k ap vini yo.

Plan finansye pou Destinasyon 2040,  ki diskite nan Chapit 3 a, reflechi sou fason plan MPO yo ekilibre fason li abòde bezwen divès yo idantifye yo pandan l ap fonksyone anba kontrent fiskal revni yo pwojte yo. Plan finansye a genyen ladan l, depans yo estime pou pwojè transpò ki presizeman enpòtan sou plan rejyonal ke MPO a ap finanse ansanm ak montan lajan yo rezève pandan lavi plan an pou pwogram k ap finanse pi piti pwojè yo. Paske pi piti pwojè sa yo pa enpòtan sou plan rejyonal, yo pa konte nan fason endividyèl nan LRTP a, olye sa, y ap chwazi yo nan pwosesis pwogramasyon TIP a.

Anplis pou repòte desizyon depans MPO yo, plan finansye sa bay enfòmasyon sou finansman plan pou depanse nan pwojè otowout yo nan rejyon Boston nan. Li dekri tou resous disponib yo prevwa pou Otorite Transpò Massachusetts Bay (MBTA: Massachusetts Bay Transportation Authority), Otorite Transpò Cape Ann, ak Otorite Sikilasyon Rejyonal Metwo Lwès pou bay epi amelyore sèvis sikilasyon nan rejyon an.

Plan ki Rekòmande a

Destinasyon 2040 lan reyafime politik MPO a pou rezève finansman diskresyonè pou yon seri pwogram envestisman, k ap kontinye yon apwòch operasyon ak jesyon pou pwograme epi bay priyorite a pwojè ti depans, ki pa gwo pwojè enfrastrikti. MPO a te dakò pou kontinye finanse pwogram envestisman ki vini apre yo, ki konsevwa pou priyorize kalite pwojè transpò MPO a finanse atravè TIP li a.

Anplis, MPO a te vote, baze sou enfòmasyon ki soti nan Evalyasyon Bezwen ak kontribisyon piblik la, pou

Anplis pou etabli seri pwogram envestisman yo, MPO a revize objektif finansman li yo pou chak pwogram envestisman nan fason ki vini apre a:

Gwo pwojè enfrastrikti MPO a finanse yo, epi ki genyen ladan yo Destinasyon 2040 yo afiche nan Tablo ES-1 an.

Tablo ES-1
Gwo Pwojè Enfrastrikti ki Finanse pa MPO Rejyon Boston nan, nan Plan ki Rekòmande a

Non Pwojè a

Depans Aktyèl

Rekonstriksyon Avni Rutherford, soti City Square rive Sullivan Square (Boston)

$152,000,000

Rekonstriksyon wout, chose, ak mi, nouvo vantilatè reyaksyon ak lòt sistèm kontwòl nan Tinèl Sumner (Boston) nan

$126,544,931

Amelyorasyon entèseksyon nan Route 126 ak Route 135/MBTA ak CSX Railroad (Framingham)

$115,000,000

Route 4/225 (Bedford Street) ak Hartwell Avenue (Lexington)

$30,557,000

Western Avenue (Lynn)

$36,205,000

Ranplasman pon, Route 27 (North Main Street) sou Route 9 (Worcester Street) ak amelyorasyon  echanjè yo (Natick)

$25,900,000

McGrath Boulevard (Somerville)

$66,170,710

Rekonstriksyon Route 1A (Ri Prensipal) (Walpole)

$19,906,000

Ranplasman pon, New Boston Street sou MBTA (Woburn)

$15,482,000

 

MBTA = Massachusetts Bay Transportation Authority (Otorite Transpò Massachusetts Bay). MPO = Metropolitan Planning Organization (Òganizasyon Planifikasyon Metwopolitèn).
Sous: MPO Rejyon Boston.

 

Nan Destinasyon 2040 lan, pou rezo sikilasyon an, MPO a te distribye tout finansman kapital sikilasyon alavni MBTA a pou mentans enfrastrikti sistèm nan, amelyorasyon aksesiblite ak amelyorasyon sistèm yo. Destinasyon 2040 lan demontre tou ke angajman MPO a nan pwojè nan Plan Aplikasyon Eta a lè li pwograme epi finanse yo.

Tablo ES-2 a ki anba a, prezante yon lis montan finansman ki rezève pou pwogram ki nan Destinasyon 2040 lan.

 

 Tablo ES-2
Finansman ki Rezève pou Pwogram Envestisman nan Destinasyon 2040

Pwogram

Fon ki Rezève

Pwogram Kapital Diskresyonè MPO a: Gwo Pwojè Enfrastrikti

$594,099,800

Pwogram Kapital Diskresyonè MPO a: Fon Otowout ki Panche sou Sikilasyon

$49,131,200

Pwogram Kapital Diskresyonè MPO a: Pwogram Lari Konplè yo

$1,296,464,600

Pwogram Kapital Diskresyonè MPO a: Pwogram Amelyorasyon Entèseksyon

$367,057,800

Pwogram Kapital Diskresyonè MPO a: Pwogram Bisiklèt / Pyeton

$139,360,300

Pwogram Kapital Diskresyonè MPO a: Pwogram Koneksyon Kominotè

$55,413,900

Pwogram Kapital Diskresyonè MPO a: Modènizasyon Sikilasyon

$118,534,700

Pwogram Kapital Diskresyonè MPO a: Fon ki pa Atribye

$283,798,100

Total Finansman Otowout

$2,903,860,400

 

MPO = Metropolitan Planning Organization (Òganizasyon Planifikasyon Metwopolitèn).
Sous: MPO Rejyon Boston.

Sistèm Pèfòmans

Pandan lavi Destinasyon 2040 lan, MPO Rejyon Boston nan ap kontinye tranzisyon li an vè yon apwòch ki baze sou pèfòmans pou fè envestisman nan sistèm transpò rejyon an. Pratik pèfòmans ki baze sou planifikasyon ak pwogramasyon (PBPP: performance-based planning and programming) MPO a konsantre pou asire ke desizyon envestisman nan transpò yo oryante pou atenn objektif yo. An jeneral, aktivite PBPP tonbe nan twa faz:

Pwosesis PBPP MPO a  genyen ladan l, aktivite ki reponn ak obligasyon federal  PBPP yo. Ajans eta, piblik ak transpò yo, e MPO a dwe fikse sib pou, kontwole epi repòte pèfòmans lan nan yon kontite pèfòmans ki defini ak objektif pou amelyore pèfòmans lan nan domèn sa yo atravè envestisman nan transpò. Tablo ES-3 a site domèn pèfòmans sa yo.

Tablo ES-3
Domèn Pèfòmans Federal ak Sijè pou Mezire Pèfòmans

Domèn Pèfòmans

Sijè pou Mezire Pèfòmans

Sekirite Sikilasyon

Desè

Blesi

Blesi sekirite

Fyabilite sistèm nan

Kondisyon Enfrastrikti Sikilasyon

Kondisyon veyikil

Kondisyon fasilite

Kondisyon enfrastrikti (gid fiks)

Sekirite sou Wout

Enstalasyon ki genyen ladan yo itilizatè ki pa sou moto

Blesi grav, ki genyen ladan yo itilizatè ki pa sou moto

To desè

To blese grav

Kondisyon Enfrastrikti NHS

Kondisyon pon NHS

Kondisyon pavman NHS

Sistèm Pèfòmans NHS

Fyabilite tan deplasman (tout veyikil) NHS

Tan deplasman fyab (tout veyikil) sou NHS

konjesyon sikilasyon-CMAQ

Anpil lè pwent twòp reta sou wout NHS yo

Pòsyon pakou ki pa SOS

Diminisyon Emisyon CMAQ

Diminisyon emisyon ki soti nan pwojè yo atravè Pwogram CMAQ la nan zòn amelyorasyon kalite lè a

 

CMAQ = Congestion Mitigation and Air Quality (Diminisyon Konjesyon ak Kalite Lè). MPO = Metropolitan Planning Organization (Òganizasyon Planifikasyon Metwopolitèn). NHS = National Highway System (Sistèm Otowout Nasyonal). Non-SOV = non-single occupancy vehicle (Veyikil ki pa gen yon sèl moun ladan l).
Sous: MPO Rejyon Boston.

 

Pou reponn a egzijans feeral yo, LRTP MPO a dwe

Chapit 5 nan Destinasyon 2040 lan site mezi pèfòmans yo egzije sou plan federal yo ak sib yo epi dekri sistèm transpò rejyon Boston pa rapò ak mezi sa yo. Anplis, gen enfòmasyon sou eta sistèm nan ki disponib nan Evalyasyon Bezwen yo.

LRTP souliyen tou yon kad envestisman ki baze sou bi ak objektif MPO yo, ak pwojè ak pwogram ki fèt pou amelyore pèfòmans transpò nan zòn sa yo ak nan lòt zòn. Chapit 5 lan souliyen kijan pwojè ki enpòtan sou plan rejyonal Destination 2040 yo ak pwogram envestisman yo ka amelyore pèfòmans nan domèn pèfòmans federal yo. Estrateji envestisman alontèm yo ap enfòme desizyon kapital akoutèm MPO a pran chak ane nan TIP a. Finalman, Chapit 5 lan eksplike kijan MPO ap repòte pèfòmans lan epi devlope pratik PBPP li a alavni. 

Ekite Transpò

Antanke yon benefisyè finansman nan Administrasyon Sikilasyon Federal la ak Administrasyon Otowout Federal la, MPO a dwe soumèt ak Atik VI jistis anviwònmantal la (EJ: environmental justice) ak lòt egzijans ki pa diskriminan, ajans sa yo etabli. Chapit 6, Rapò Pèfòmans Transpò Ekitab la dokimante konfòmite MPO a ak egzijans Atik VI ak EJ pliske yo fè pati LRTP a. Chapit la genyen ladan l yon kat pwojè Plan an Rekòmande ki kouvri zòn ki gen yon gwo pwopòsyon minorite ak / oswa popilasyon ki pa gen gwo mwayen ak yon enpak diferan ak analiz chaj ki pa pwopòsyonèl (DI / BD) ki detèmine si minorite ak popilasyon ki pa gen gwo mwayen yo ka afekte nan fason ki pa pwopòsyonèl pa pwojè ki Rekòmande nan Plan an, nan  ansanm, ki ka modle nan ansanm modèl demand vwayaj rejyonal MPO a.1

Analiz DI/DB a, ki fèt pou reponn a enpak diferan Atik VI lan ak egzijans analitik EJ yo, idantifye enpak diferan posib alavni i ka abouti sou pwojè ki modle yo epi afekte popilasyon minorite yo, ansanm ak chaj ki pa pwopòsyonèl ki ka afekte popilasyon ki pa gen gwo mwayen yo.2 Efè segondè yo se ka swa reta oubyen refi benefis yo oubyen chaj yo enpoze. Pou LRTP sa, staf MPO a te itilize modèl demand vwayaj rejyonal la pou evalye dis done pou enpak diferan posib alavni ak chaj ki pa pwopòsyonèl yo:

Yo te teste de senaryo nan modèl demand vwayaj la pou idantifye enpak yo prevwa yo, jan yo mezire nan done sa yo, pou rezo transpò yo pwopoze sou popilasyon minorite, ki pa gen gwo mwayen yo, popilasyon ki pa minorite ak sa ki gen gwo revni yo. Nan yon senaryo, rezo transpò a, jan yo anvizaje l pou ane 2040 la genyen ladan l pwojè yo modle (yon senaryo ki konstwi) ak yon lòt senaryo 2040 pa t genyen yo ladan l (yon senaryo ki pa konstwi). Yo te konpare chanjman ant senaryo ki konstwi ak senaryo ki pa konstwi pou popilasyon minorite ak popilasyon ki pa gen gwo mwaye yo ak chanjman ant popilasyon ki pa minorite ak sa ki gen gwo mwayen yo, respektivman.

Finalman, staf MPO a te aplike bouyon Politik DI / DB a pou detèmine si konparezon yo a te revele yon enpak diferan pou popilasyon minorite a oubyen yon chaj ki pa pwopòsyonèl pou popilasyon ki pa gen gwo mwayen yo. Politik DI / DB a ki anvigè pou premye fwa pandan devlopman Destinasyon 2040 lan deklare kijan MPO a idantifye epi abòde enpak diferan posib alavni yo ak chak ki pa pwopòsyonèl yo ki ka abouti sou pwojè yo modle nan Plan yo Rekòmande yo. Nan FFY 2018 la, staf la te kòmanse premye nan de efò de faz pou devlope yon politik DI/DB pou pwojè yo defini yo; dezyèm faz la ap kòmanse nan FFY 2020 an e bouyon politik la ap revize pou reflete travay sa. Bouyon Politik DI/DB kounye a deklare ke ta ka genyen yon enpak diferan posib alavni oubyen yon chaj ki pa pwopòsyonèl si minorite a oubyen popilasyon ki pa gen gwo mwayen yo ta gen plis chans pou pi afekte nan fason ki negatif pase minorite a oubyen popilasyon ki gen gwo revni yo, youn apre lòt, lè n sipoze ke konklizyon an pa fose pa yon erè previzyon pou done yo.

Analiz Destinasyon 2040 DI/DB ki montre ke enpak diferan yo ak chaj ki pa pwopòsyonèl ki ta gen plis chans pou abouti nan pwojè ki nan Plan yo Rekòmande a.

Analiz Kalite ak Gaz Efè Sèr

Staf MPO a konplete de kalite analiz kalite lè pou Destinasyon 2040 lan. Premye a se detèminasyon konfòmite kalite lè a pou pwojè ki nan LRTP a, jan règleman federal ak eta yo egzije l la, ki abòde pwoblèm ozòn ak monoksid kabòn (CO) espesyalman. Egzijans pou detèmine yon konfòmite asire ke apwobasyon federal epi akòde finansman pou aktivite transpò yo konfòm ak objektif kalite lè yo. Analiz konfòmite kalite lè a demontre ke Destinasyon 2040 LRTP a reponn ak Lwa sou Lè Pwòp la ak egzijans Règleman Konfòmite Transpò pou Nòm Kalite Lè Anbyan Nasyonal kont ozòn (NAAQS: National Ambient Air Quality Standard) 1997 la ak CO NAAQS la, e LRTP te prepare swivan tout direksyon ak egzijans règleman sa yo pandan peryòd sa. Analiz la montre tou ke aplikasyon LRTP MPO Rejyon Boston nan konfòm ak objektif kalite lè Plan Aplikasyon Eta Massachusetts la epi konfòm ak plan sa.

Dezyèm analiz kalite lè te estime emisyon gaz efè sèr (GHG: greenhouse gas) pou pwojè nan LRTP ak TIP yo jan lejislasyon eta a mandate l la. Lejislasyon an egzije diminisyon emisyon GHG yo a 25 pousan pi ba nivo 1990 la vè lane 2020, e 80 pousan pi ba nivo 1990 la vè lane 2050. Pou fè sa, politik yo egzije sektè transpò a pou fè pwomosyon mwayen transpò ki salitè epi sipòte devlopman kwasans entelijan.

Depatman Transpò Massachusetts (MassDOT: Massachusetts Department of Transportation ) te bay MPO a estimasyon emisyon diyoksid kabòn (CO2) nan tout eta a (GHG ki pi evidan) ki soti nan modèl demand vwayaj nan tout eta a. Estimasyon sa yo te baze sou lis pwojè kolektif yo rekòmande nan LRTP Massachusetts yo e ki konplete pa kalkil diminisyon emisyon CO2 ki pa gen modèl pou pwojè ki pi piti MPO a founi yo. Tout pwojè yo te pwograme ansanm nan LRTP MPO a nan senaryo Aksyon 2020 an (yon senaryo konstwi) ki prevwa yon diminisyon CO2  nan tout eta a pa rapò ak dosye referans 2020 an (yon senaryo ki pa konstwi). Senaryo Aksyon 2040 lan estime tou yon diminisyon CO2 nan tout eta a pa rapò ak dosye referans 2040 lan.

Rezilta yo demontre sektè transpò a prevwa fè pwogrè ki pozitif pou atenn objektif diminisyon Emisyon GHG yo epi soumèt ak egzijans Lswa sou Solisyon kont Rechofman Mondyal la. MassDOT ak MPO yo ap kontinye pledwaye pou mezi ki nesesè pou reyalize objektif alontèm pou diminisyon GHG Commonwealth yo.

Konklizyon

Destinasyon 2040 lan kontinye pratik finansman ak jesyon kalite pwojè MPO a, ki sipòte pwojè bisiklèt, pyeton ak sikilasyon, ansanm ak gwo amelyorasyon wout. MPO a prevwa ke lè nou pouswiv nan vwa sa, sa ap ede reyalize vizyon transpò li pou lavni, amelyore kalite lavi pou rezidan rejyon Boston yo, epi amelyore anviwònman an nan tout rejyon an.

 

 

1    Analiz DI/DB yo fèt pou pwojè Sib ki enpòtan sou plan rejyonal yo finanse ki ka modle nan modèl demand vwayaj rejyonal MPO a. Genyen senk pwojè ki t ap chanje kapasite rezo transpò a.

 

2    Yon enpak diferan se yon efè yon politik oubyen pratik net ki afekte manm yo oubyen yon gwoup nan fason ki pa pwopòsyonèl sou baz ras, koulè oubyen orijin nasyonal, kote politik oubyen pratik benefisyè a manke yon jistifikasyon lejitim enpòtan e kote genyen youn oubyen plis altènatif ki egziste ki ta ka sèvi menm objektif lejitim yo men ak yon efè ki mwens pwopòsyone sou baz ras, koulè ak orijin nasyonal. 

        Yon chaj ki pa pwopòsyonèl vle di yon politik oubyen pratik net ki afekte nan fason ki pa pwopòsyonèl popilasyon ki pa gen gwo mwayen yo plis pase popilasyon ki gen gwo revni yo. Pou jwenn yon chaj ki pa pwopòsyonèl, sa egzije pou benefisyè a evalye chwa yo epi diminye chaj yo kote li aplikab.