Rezime Egzekitif

entwodiksyon

Plan envestisman kapital pou transpò sou senk an Òganizasyon Planifikasyon Rejyon Metwopolitèn (MPO: Metropolitan Planning Organization) Rejyon Boston nan, Pwogram Amelyorasyon Transpò (TIP: Transportation Improvement Program) ane fiskal federal (federal fiscal years, FFY) 2021-2025, se pwogram envestisman akoutèm pou sistèm transpò rejyon an. TIP ki oryante pa vizyon, bi ak objektif MPO Rejyon Boston nan, priyorize envestisman ki prezève sistèm transpò nan yon bon eta  repare, bay transpò ki an sekirite pou tout mwayen transpò, amelyore vivabilite, fè pwomosyon ekite ak dirabilite, epi amelyore mobilite nan tout rejyon an. Envestisman sa yo finanse gwo rekonstriksyon otowout, wout prensipal ak amelyorasyon entèseksyon yo, mentnans ak ekspansyon sistèm transpò piblik la, konstriksyon wout bisiklèt, ak amelyorasyon enfrastrikti pou wout pyeton yo.

MPO Rejyon Boston nan dirije pa yon konsèy 22 manm ak reprezantan ajans eta, òganizasyon rejyonal ak minisipalite yo; jiridiksyon li a etann prèske soti nan nò Boston rive Ipsich, sid Marshfield, ak lwès minisipalite sou tout Interstate 495 lan. Chak ane, MPO a jere yon pwosesis pou deside kijan pou depanse fon transpò federal yo pou pwojè kapital yo. Staf Planifikasyon Santral (Central Transportation Planning Staff, CTPS) la, ki se staf MPO a, jere pwosesis devlopman TIP a.

Staf MPO a kowòdone evalyasyon demand finansman pou pwojè yo, pwopoze pwogramasyon pwojè aktyèl ak nouvo pwojè ki baze sou nivo finansman antisipe, sipòte konsèy MPO a pou devlope yon bouyon dokiman TIP, epi fasilite yon revizyon piblik bouyon an anvan konsèy MPO a apwouve dokiman final la.

envestisman tip pou ane fiskal 2021–25

Pwogram konplè TIP a disponib nan Chapit 3 dokiman sa e li sou entènèt nan www.ctps.org/tip. Tablo TIP a bay detay sou fason finansman yo alwe bay chak pwojè ki pwograme ak pwogram envestisman kapital yo. Tablo sa yo se FFY la ki òganize yo epi yo gwoupe pa pwogram otowout ak transpò an komen.

Pwogram Otowout

Pwogram Otowout TIP a finanse pwojè transpò priyorite Depatman Transpò Massachussetts (Massachusetts Department of Transportation, MassDOT) avanse yo ak vil nan rejyon Boston yo. Pogram nan dedye prensipalman pou prezève epi modènize rezo wout ki egziste a lè l rekonstui wout ateryèl yo, repave otowout yo, epi ranplase pon yo.

Nan Massachusetts, finansman Èd Federal Pwogram Otowout la distribye pa MassDOT, ki alwe finansman  pou pèman Nòt Antisipasyon Sibvansyon (Grant Anticipation Notes, GAN), divès pwogram nan tout eta a, ak Sib Rejyonal pou MPO eta yo. Nan TIP Ane Fiskal Federal 2021–25 lan, pwogram wout, pon ak wout pou bisiklèt ak pyeton bay yon total 1.3 milya dola pou finanse rejyon Boston nan. Finansman Sib Rejyonal yo prevwa nan MPO a ka pwograme pou pwojè ki nan diskresyon chak MPO, byenke MassDOT gen diskresyon pou pwopoze pwojè li rekòmande pou pwogram tout eta a, tankou sa ki lye ak reparasyon pon ak mentnans otowout ant eta a.

Pwogram Transpò

Pwogram Tranpò TIP a bay finansman pou pwojè ak pwogram ki abòde bezwen kapital ke twa otorite transpò nan rejyon an bay priyorite; Otorite Transpò Massachusetts Bay (MBTA:  Massachusetts Bay Transportation Authority), Otorite Tranpò Cape Ann (CATA: Cape Ann Transportation Authority), ak Otorite Transpò Rejyonal MetroWest (MWRTA: MetroWest Regional Transit Authority). Pwogram Transpò a dedye plis pou reyalize epi konsève yon eta an bon eta pou tout atou nan sistèm transpò a. TIP Ane Fiskal Federal 2021–25 la genyen ladan l 3.1 milya dola envestisman nan transpò piblik k ap sipòte eta bon reparasyon an, modènize sistèm sikilasyon an epi ogmante aksè pou transpò piblik. Pwojè Ekstansyon Liy Vè a se yon gwo pwojè ki pwograme nan TIP a k ap devlope sèvis transpò a. Anplis, apati ane fiskal federal 2025 lan, MPO a ap alwe senk pousan nan fon Sib Rejyonal anyèl li yo pou nouvo pwogram envestisman nan Modènizasyon Sistèm Transpò li an. Pwobram sa gen objektif pou apiye envestisman ki fèt atravè Pwogram Transpò an Komen an lè l itilize yon pòsyon nan Pwogram Otowout la pou reponn ak bezwen pwojè transpò an komen ki pa atenn nan rejyon an.

detay sou pwogram sib rejyonal yo

Pandan Ane Fiskal Federal 2021-25 lan, MPO Rejyon Boston nan prevwa finanse 47 pwojè ak pwogram ak fon Sib Rejyonal li a. Antou, yo te ajoute uit nouvo pwojè nan pwogram Sib Rejyonal MPO pandan sik TIP sa. Pwojè sa yo se:

Lòt desizyon envestisman yo te pran ane sa genyen ladan yo, alokasyon nouvo finansman enpòtan nan ane fiskal 2025 la pou rekonstriksyon Avenue Rutherford  nan Boston. Ane fiskal federal 2025 lan se katriyèm ane pou yon angajman finansman senk an MPO a fè nan pwojè sa, ke yo prevwa ap fini nan ane fiskal federal 2026. MPO a mete sou kote tou finansman kontini pou Pwogram Koneksyon Kominotè li yo (nan ane fiskal federal 2022–25) epi kòmanse alwe finansman pou Pwogram Modènizasyon Transpò an Komen li yo (nan ane fiskal federal 2025) pou premye fwa pandan sik TIP a. Finansman yo mete sou kote atravè toulede pwogram yo ap alwe nan pwojè presi pandan sik pwogramasyon TIP yo.

Pandan devlopman TIP ane fiskal federal 2021–25 la, MPO a te limite anpil nan kapasite finansye pou finanse nouvo pwojè yo. Anplis nati finansman enfrastrikti transpò ki limite natirèlman, bezwen sa yo depase resous ki disponib yo anpil nan nenpòt ane, depans enpòtan yo ogmante pou anpil pwoje ki te deja pwograme nan ane fiskal federal 2020–24 la, te konsome finansman pou nouvo pèspektiv pwojè nan ane fiskal federal 2025 yo. Byenke defi sa soulve inevitableman padan chak sik TIP, ane sa te obsève yon nivo ogmantasyon depans ki te espesyalman grav, avèk nesesite plis lajan pou pwojè ki te deja pwograme yo ki konpoze 14 pousan nan kapasite finansman sou senk an MPO Rejyon Boston nan. Dinamik sa te dirije pwosesis priz desizyon pandan ane fiskal sa epi te mennen nan yon kantite nouvo pwojè yo te chwazi ki relativman ba pou pwogramasyon ane fiskal federal 2025 lan.

Imaj ES-1 an montre kijan finansman Sib Rejyonal pou Ane Fiskal Federal 2021–25 la distribye atravè pwogram envestisman MPO a. Jan tablo a montre l, Pwogram Sib Rejyonal MPO Rejyon Boston nan devwe prensipalman pou fasilite mobilite ak sekirite pou tout mwayen transpò yo atravè gwo envestisman nan pwojè finisyon ri yo. Yon gwo pòsyon nan finansman MPO a sipòte modènizasyon wout rejyonal ak ekspansyon enfrastrikti transpò atravè envestisman nan gwo pwojè Enfrastrikti yo.

 

Imaj ES-1

Finansman Sib Rejyonal TIP Ane Fiskal Federal 2021-25 pa Pwogram Envestisman MPO

Sous: MPO Rejyon Boston.

 

Anplis distribisyon finansman atravè pwogram envestisman MPO ki site anwo yo, Tablo ES-1 an detaye kantite pwojè ak alokasyon finansman atravè chak pwogram nan TIP ane fiskal federal 2021–25 la. Jan li note nan tablo a, MPO a te pwograme plis pase 99.7 pousan nan finansman ki disponib li yo sou senk ane, ki kite sèlman 1,257,656 dola pou pwograme nan sik TIP alavni yo. Gen plis detay sou chak pwojè ki finanse atravè pwogram Sib Rejyonal MPO a ki disponib nan chapit 3 a.

 

Tablo ES-1

Rezime Envestisman nan Sib Rejyonal MPO Rejyon Boston pou ane fiskal federal 2021–25 lan.

Pwogram Envestisman MPO

Kantite Pwojè

Montan ki pwograme pou Sib Rejyonal la

Koneksyon Rezo Bisiklèt ak Pyeton

4

$30,905,263

Koneksyon Kominotè (ki alwe nan pwojè yo)

5

822,000$

Koneksyon Kominotè (ki pa ko alwe nan pwojè yo)

N/A

8,000,000$

Finisyon ri yoa

23

244,774,339$

Amelyorasyon Entèseksyon

11

64,157,136$

Gwo Enfrastrikti—pou Transpòb

1

27,096,238$

Gwo Enfrastrikti—Woutc

3

156,036,944$

Modènizasyon transpò piblik (ki pa ko alwe nan pwojè yo)

N/A

5,500,000$

Pa pwograme

N/A

1,257,656$

Total

47

538,549,576$

Nòt: Montan finansman ki nan tablo a genyen ladan l fon federal ak fon ki pa federal, ki enkli fon ki koresponn yo.

a Pwojè 606501, Rekonstriksyon Union Street (Route 139) nan Holbrook, sipòte tou ak 1,527,250 dola nan fon ki rezève, ki pa afiche nan tablo sa.  

b MPO a ap konfye montan pou amelyorasyon otowout federal yo pou sipòte Elajisman Liy Ekolojik la.

cNan ane fiskal federal 2021 ak 2022 a,  MPO a ap kontribye 22,115,687 dola nan Pwojè 606476—amelyorasyon Tinèl Summer, ak lòt finansman MassDOT ap kontribye. Pwojè sa genyen ladan l kantite total pwojè nan kategori sa.

Sous: MPO Rejyon Boston.

 

Nan priz desizyon pou konnen ki pwojè pou finanse, MPO a konsidere pa sèlman distribisyon relatif fon atravè pwojè ak pwogram envestisman yo, men tou kijan alokasyon fon yo fèt pou chak pwogram envestisman pa rapò ak objektif finansman ki souliyen nan Plan Transpò Alontèm (Long-Range Transportation Plan, LRTP) MPO a, Destinasyon 2040. Gwosè pwogram envestisman ki te fikse nan LRTP a reflete kalite pwojè MPO a ap chèche finanse pou atenn objektif li yo pou rejyon an, soti nan amelyorasyon sekirite pou tout isaje yo rive nan pwomosyon mobilite ak asksè atravè rejyon an. Gen plis enfòmasyon sou objektif MPO a ki disponib nan Chapit 1 an, ak yon konparezon ant gwosè pwgram envestisman LRTP ak nivo finansman pwogram yo nan TIP ane fiskal federal 2021–25 yo montre nan Imaj ES-2 ki anba a.

 

Imaj ES-2

TIP Ane Fiskal Federal 2021-25: Nivo finansman sib rejyonal ki lye ak endikatè kle yo pa sou-rejyon MAPC

Sous: MPO Rejyon Boston.

 

Envestisman ki fèt nan TIP ane fiskal federal 2021–25 lan ap aplike nan 38 vil ak bouk nan tout rejyon MPO a, ki varye de kominote dans andeyò yo rive nan kominote ki devlope ki pi lwen sant iben yo. Imaj ES-3 a reprezante distribisyon finansman Sib Rejyonal atravè uit sou-rejyon nan jiridiksyon MPO Rejyon Boston nan, jan li defini nan Konsèy Planifikasyon Zòn Metwopolitèn nan (Metropolitan Area Planning Council, MAPC). Imaj sa genyen ladan l tou enfòmasyon sou fason distribisyon finansman yo fèt pa rapò ak done kle pou mezire bezwen finansman pa sou-rejyon, ki enkli pousantaj popilasyon rejyonal, travay ak kilomèt wout nan chak sou-rejyon ki finanse ak Fon Federal.

 

Imaj ES-3

TIP Ane Fiskal Federal 2021-25: Nivo finansman sib rejyonal ki lye ak endikatè kle yo pa sou-rejyon MAPC

Sous: MPO Rejyon Boston.

 

Lòt enfòmasyon sou distribisyon rejyonal finansman Sib Rejyonal atravè rejyon an enkli yon repatisyon finansman istorik pa minisipalite, ki antre nan Anèks D a.

finansman tip ane fiskal federal 2021-25

Pwogram Otowout

Pwogram Otowout TIP a te devlope ak sipozisyon ke finansman federal pou eta a t ap varye ant 671 milyon dola e 725 milyon dola chak ane pandan senk pwochen lane yo. Montan sa yo genyen ladan yo fon MassDOT t ap mete sou kote okòmansman kòm pèman pou Pwogram Pon Akselere a, epi ekskli fon kontrepati yo egzije a.

Pwosesis pou deside kijan pou itilize finansman federal sa nan rejyon Boston swiv plizyè etap. Premyèman, MassDOT rezève finansman an pou pèman sèvis dèt GAN pou Pwogram Pon Akselere a; pèman GAN anyèl yo varye ant 82 milyon e 122 milyon dola chak ane pandan senk lane TIP sa.

Yo te fè bidjè pou rès fon Pwogram Otowout ki finanse ak fon federal ki rete a pou sipòte priyorite eta ak priyorite rejyonal yo (ki se, MPO). Nan sik planifikasyon sa, 734 a 782 milyon dola chak ane te disponib pou pwogramasyon nan tout eta a, sa yo genyen ladan yo montan federal ak kontrepati lokal. MassDOT jeneralman bay kontrepati lokal la (ke lòt antite yo ka bay tou); men, pwojè yo finanse jeneralman ak 80 pousan lajan federal ak 20 pousan lajan eta a, selon pwogram finansman an.

Answit, MassDOT bay finansman atravè kategori finansman sa yo:

Finalman, depi bezwen sa yo satisfè, MassDOT repati rès finansman an pami MPO eta a pou pwogramasyon. Finansman diskresyonè sa pou MOP yo gen lòt repatisyon pa fòmil pou detèmine montan Sib Rejyonal yo. MPO Rejyon Boston nan resevwa pi gwo pòsyon finansman MPO nan eta a, avèk apeprè 43 pousan fon Sib Rejyonal Massachussetts ki alwe nan rejyon an. MassDOT devlope sib sa yo nan konsiltasyon ak Asosyasyon Ajans Planifikasyon Rejyonal Massachusetts (oswa MARPA: Massachusetts Association of Regional Planning Agencies). Yo te pwograme TIP sa ak ipotèz ke MPO Rejyon Boston nan ap genyen ant 105 milyon ak 110 milyon dola chak ane pou montan Sib Rejyonal yo, ki konpoze ak finansman federal ak finansman eta a pou kontrepati lokal la.

Chak MPO ka deside kijan pou priyorize finansman Sib Rejyonal li a. Akoz finansman Sib Rejyonal la se yon branch nan Pwogram Otowout la, MPO a jeneralman pwograme majorite finansman an pou pwojè wout yo; men, MPO repati kèk pòsyon nan finansman otowout li a nan Pwogram Sikilasyon an pou pwojè ekspansyon ak modènizasyon transpò piblik yo. Pwogram Otowout TIP a detaye pwojè k ap resevwa finansman Sib Rejyonal nan men MPO Rejyon Boston nan, ak pwojè enfrastrikti nan rejyon Boston nan. Detay sou envestisman yo souliyen nan chapit 3 a.

Pwogram Transpò

Administrasyon Transpò Federal la (Federal Transit Administration, FTA) bay finansman ki pwograme nan Pwogram Transpò TIP a dapre jan li fòmile a. Twa otorite sikilasyon rejyonal nan zòn MPO Rejyon Boston nan ki se benefisyè finansman sa yo se MBTA, CATA, ak MWRTA. MBTA ak pwogram transpò ak enfrastrikti elaji li a, resevwa majorite fon transpò federal nan rejyon an.

Dapre lejislasyon transpò federal la, Lwa sou Reparasyon Sifas Transpò Amerik la (FAST: Fixing America’s Surface Transportation), yo bay finansman a kategori sa yo:

pwosesis devlopman tip a

Apèsi

Lè y ap detèmine ki pwojè pou finanse atravè pwosesis finansman Sib Rejyonal la, manm MPO yo kolabore ak minisipalite, ajans eta, manm piblik, gwoup defans ak lòt pati ki gen enterè. Konsèy MPO a itilize kritè evalyasyon nan pwosesis seleksyon pwojè li a pou ede idantifye epi priyorize pwojè ki fè objektif nan sis domèn MPO yo avanse, ki se:

Anplis, MPO a te etabli pwogram envestisman yo, ki fèt pou dirije finansman Sib Rejyonal yo vè domèn priyorite MPO yo pandan 20 pwochen lane yo pou ede atenn objektif sa yo. Pwogram envestisman yo se sa yo:

Pwojè MPO chwazi pou resevwa finansman Sib Rejyonal yo atravè pwosesis devlopman TIP a ki antre nan youn nan sis pwogram ki site anwo yo.

Nan dènye ane yo, MPO a te mete pratik planifikasyon ak pwogramasyon ki baze sou pèfòmans (PBPP: performance-based planning and programming) nan devlopman TIP ak lòt pwosesis. Pratik sa yo fèt pou ede dirije finansman MPO yo vè reyalizasyon rezilta presi pou sistèm transpò a. Objektif MPO yo ak pwogram envestisman yo se eleman kle nan estrikti PBPP li a. Nan Ane Fiskal Federal 2018 la, MPO a te kòmanse fikse sib pou mezi pèfòmans presi. Toutotan tan ap pase, MPO ap lye objektif pèfòmans, desizyon envestisman ak aktivite kontwòl ak evalyasyon li yo nan fason ki pi sere.

Sansibilizasyon ak Kòlèk Done

Pwogram sansibilizasyon an kòmanse nan kòmansman ane fiskal federal lè vil yo deziyen nan TIP kontakte epi kòmanse devlope yon lis pwojè priyorite pou konsidere pou finansman federal, epi staf MPO a kontakte vil yo nan rejyon an pou idantifye pwojè priyorite yo. Staf MPO a konpile demand finansman pwojè yo nan yon Inivè Pwojè ki pa Pwograme, yon lis tout pwojè Koneksyon Rezo bisiklèt ak pyeton, Finisyon ri, Amelyorasyon entèseksyon, ak Gwo pwojè enfrastrikti yo idantifye kòm kandida potansyèl pou resevwa finansman atravè TIP a. Ane sa, yo te konpile yon dezyèm Inivè ki genyen ladan l tout pwojè ki nan konsiderasyon pou finansman nan faz pilòt Pwogram Koneksyon Kominotè MPO a. Lis sa yo genyen ladan yo pwojè nan divès nivo preparasyon, soti nan sila yo ki gen travay enjenyeri ak konsepsyon enpòtan rive nan sa yo ki toujou nan premye stad konsepsyon oubyen planifikasyon. Staf MPO a kolekte done tou sou chak pwojè nan toulede Inivè yo pou yo ka evalye pwojè yo.

Evalyasyon Pwojè

Staf MPO a evalye pwojè yo baze sou ki pwen yo abòde objektif MPO yo byen. Pou staf MPO a ka fè evalyasyon yon pwojè, pwojè koneksyon rezo bisiklèt ak pyeton, finisyon ri, amelyorasyon entèseksyon, ak gwo pwojè enfrastrikti yo dwe genyen yon rapò konsepsyon ki fonksyonèl, yon pwojè jeneralman atenn limit li lè li rapwoche nan 25 pousan stad konsepsyon li. Pou fini yon evalyasyon pou pwojè ki nan konsiderasyon nan Pwogram Koneksyon Kominotè MPO yo, sipòtè pwojè yo dwe soumèt yon aplikasyon ki ranpli bay staf MPO a. Rezilta evalyasyon pou tout pwojè yo prezante nan konsèy MPO a pou konsiderasyon yo pou pwogramasyon nan TIP a. Yo pibliye nòt sa yo tou sou sit entènèt MPO a kote moun ki pwopoze pwojè yo, fonksyonè minisipal ak manm piblik yo ka revize yo epi fè kòmantè.

Jounen Preparasyon TIP la

Yon etap enpòtan pou pwogramasyon TIP a fèt nan mitan rive nan sik devlopman TIP a nan yon rankont—ke yo rele Jounen Preparasyon TIP —ke anplwaye MassDOT ak MPO yo patisipe. Nan rankont sa, jesyonè pwojè MassDOT yo bay mizajou sou chajman nan depans ak pwogram ki asosye ak pwojè yo pwograme kounye a yo. Pandan staf MPO a ap ede konsèy MPO a konsidere mizajou nan ane TIP ki deja pwograme yo, yo dwe konsidere chanjman nan depans ak orè sa ansanm ak nouvo pwoje ki ajoute nan ane ki pi elwanye de TIP a.

Rekòmandasyon Staf ak Bouyon TIP a

Lè w itilize rezilta evalyasyon ak enfòmasyon sou preparasyon pwojè a (ki se, limit kote pwojè a fèt konplètman epi prepare pou konstriksyon), staf MPO a prepare yon rekòmandasyon oubyen yon seri senaryo pwogramasyon sou fason pwogram Sib Rejyonal la finanse nan TIP a. Lòt konsiderasyon, tankou si yon pwojè te antre nan LRTP a, abòde yon bezwen transpò yo itilize oubyen fè pwomosyon envestisman pou distribisyon transpò atravè rejyon an, antre tou nan senaryo pwogramasyon sa yo. Rekòmandasyon staf la toujou restrenn sou plan finansye—ki vle di li sijè pou finansman ki disponib la. Te genyen anviwon 528 milyon dola finansman Sib Rejyonal ki disponib pou MPO Rejyon Boston nan pou Ane Fiskal Federal 2021–25 la. Nan sik TIP sa, MPO a te diskite sou plizyè senaryo pou Pwogram Sib Rejyonal la pou pwojè otowout yo epi chwazi yon pwogram prefere nan mwa mas 2020.

Anplis li priyorize finansman Sib Rejyonal la, MPO a revize epi apwouve tou pwogram otowout nan tout eta a ke MassDOT rekòmande pou pwogramasyon. MPO revize epi apwouve tou pwogramasyon fon yo pou pwogram kapital transpò MBTA, CATA, ak MWRTA.

  Apwobasyon TIP a

Apre li chwazi yon senaryo prefere, dabitid nan fen mwa mas, MPO a vote pou libere bouyon TIP a pou yon peryòd revizyon piblik 21 jou. Peryòd kòmantè a kòmanse jeneralman nan fen avril oubyen kòmansman me. Pandan tan sa, MPO a envite manm piblik, fonksyonè minisipal yo ak lòt pati ki konsènan nan rejon Boston nan pou revize pwogram yo pwopoze yo epi soumèt fidbak. Pandan peryòd revizyon piblik la, staf MPO a akeyi rankont piblik pou diskite sou bouyon dokiman TIP a epi sisite lòt kòmantè.

Apre peryòd revizyon piblik la fini, MPO a revize tout kòmantè minisipal ak piblik yo epi li ka chanje kèk eleman nan dokiman an oubyen pwogramasyon li a. Apre sa, MPO a apwouve TIP a epi soumèt li bay Adminstrasyon Otowout Federal la (Federal Highway Administration, FHWA) ak FTA a pou apwobasyon. MassDOT antre TIP MPO-apwouve a nan Pwogram Amelyorasyon Transpò Eta a (State Transportation Improvement Program, STIP). FHWA, FTA, ak Ajans Pwoteksyon Anviwònman Ameriken an (Environmental Protection Agency, EPA) revize STIP la pou sètifikasyon nan dat 30 septanm, ki se dat fèmti ane fiskal federal la.

Mizanjou TIP a

Menm apre TIP a finalize, yo souvan dwe entwodwi modifikasyon administratif, amandman ak ajisteman akoz chanjman nan kalandriye pwojè a, depans pwojè a, sous finansman yo oubyen revni ki disponib yo. Sa ka nesesite pou repwograme yon pwojè nan yon ane finansman diferan oubyen pwograme finansman siplemantè pou yon pwojè.

Avi modifikasyon administratif ak amandman yo pibliye sou sit entènèt MPO a. Si gen yon amandman ki nesesè, MPO a avize minisipalite ki afekte yo, lòt pati ki konsène ak manm piblik la pa imel. MPO jeneralman pran yon peryòd revizyon piblik 21 jou anvan li pran mezi final sou yon amandman. Nan sikonstans ekstrèm, MPO ka vote pou diminye peryòd kòmantè a a yon minimòm 15 jou. Modifikasyon administratif ak ajisteman yo piti e yo pa jistifye yon peryòd revizyon piblik dabitid.

Rete enplike nan TIP a

Kontribisyon piblik se yon aspè ki enpòtan nan pwosesis planifikasyon transpò a. Tanpri, vizite www.bostonmpo.org pou plis enfòmasyon sou MPO a, pou wè TIP a ann antye epi pou soumèt kòmantè ou. Ou ka vle enskri pou nouvèl ak mizajou pa imel lè w vizite www.ctps.org/subscribe epi soumèt kowòdone ou. Pou mande yon kopi TIP a nan fòma ki aksesib, tanpri kontakte staf MPO a pa nenpòt nan mwayen sa yo:

 

Adrès postal: Boston Region MPO c/o CTPS Certification Activities Group

10 Park Plaza, Suite 2150 Boston, MA 02116-3968

Telefòn: 857.702.3700

TTY: 617.973.7089

Faks: 617.570.9192

Imel: publicinfo@ctps.org