Yon gid pou KritÈ TIP MPO Rejyon Boston NAN

Janvye 2021

 

Kisa Kritè TIP a ye?

Òganizasyon Planifikasyon Metwopoliten (Metropolitan Planning Organization, MPO) Rejyon Boston nan se yon konsèy ki konpoze de ofisyèl eta, vil, ak minisipalite atravè gran rejyon Boston nan ki deside kijan yon pòsyon lajan transpò federal Massachusetts depanse nan pwojè amelyorasyon kapital yo. MPO finanse pwojè transpò, tankou nouvo konsepsyon Ri Konplè, amelyorasyon entèseksyon, koneksyon bisiklèt ak pyeton ak pwojè modènizasyon sikilasyon atravè Pwogram Amelyorasyon Transpò (Transportation Improvement Program, TIP). MPO kritè TIP pou ede chwazi pwojè ki reponn ak vizyon MPO a pou yon sistèm transpò modèn, ki byen antretni ki sipòte yon rejyon ki dirab, an sante, vivab, epi dinamik sou plan ekonomik.


 

Vil ak minisipalite yo pote pwojè yo nan Konsèy la pou konsiderasyon. Nòt pwojè yo baze sou kritè ki mezire nan ki pwen yo abòde domèn objektif MPO yo—amelyore sekirite, devlope mobilite miltimodal, ogmante egalite, sipòte anviwònman ki dirab, amelyore devlopman ekonomik, epi sipòte modènizasyon ak mentnans sistèm transpò a. Kritè sa yo antre nan objektif MPO etabli yo nan  Plan Transpò Alontèm, Destinasyon 2040, ansanm ak kontribisyon piblik ak meyè pratik lòt ajans rejyonal ak eta yo. Kritè yo mete ajou detanzantan pou reflete chanjman ki nesesè ak priyorite rejyon an, avèk mizajou ki pi resan konsèy MPO a apwouve nan mwa oktòb 2020.

 

[MPO a genyen sis pwogram envestisman.

Li Bwochi Pwogram Envestisman anpou aprann plis!]

 

 

The TIP Criteria image illustrates the MPO’s six investment programs. The Complete Streets program image shows a roadway with a separated bike lane used by people biking buffered with a parking lane. The Community Connections program image shows a shuttle outside a grocery store. The Bicycle and Pedestrian Connections program image shows a shared-use path with people bicycling. The Intersection Improvements program image shows an intersection signal with a pedestrian countdown timer. The Transit Modernization program image shows construction on a light rail line. The Major Infrastructure program image shows a large bridge over a river.

Poukisa kritè a enpòtan?

Pwojè yo resevwa pwen ki baze sou limit kote yo reponn chak kritè. Plis pwen yon pwojè fè, se plis chans pou Konsèy la finanse pwojè a. MPO a finanse pwojè ki baze sou Pwogram Envestisman li yo, ak pwojè ki fè konpetisyon ak lòt pwojè nan chak pwogram envestisman. Akoz demann pou finansman pi gwo pase finansman limite ki disponib lan dabitid, nòt yon pwojè jwe yon wòl enpòtan nan ede Konsèy la priyorize ki pwojè pou finanse nan yon ane kèlkonk.

 

Ki sa limit yo ye nan itilize kritè a?

Byenke MPO a apwouve tout pwojè ki resevwa finansman transpò federal nan rejyon Boston nan, kritè a aplike sèlman pou pwojè ki finanse ki itilize fon Sib Rejyonal MPO yo. Itilizasyon Kritè a limite tou pa disponiblite done pwojè a ak tan MPO a genyen pou konsidere pwojè pou finansman pandan pwosesis TIP anyèl la. Limitasyon sa yo se poukisa kritè a se sèlman yon faktè pami anpil MPO a konsidere lè l ap chwzi pwojè pou finansman yo. MPO a konsidere tou depans ak preparasyon pwojè a, ak distribisyon finansman federal atravè rejyon an. MPO a mete ajou kritè TIP a peryodikman pou asire ke yo kontinye yon resous itil nan desizyon chwa pwojè li yo epi pou swiv ritm bezwen rejyon yo k ap chanje.

 

[Fon sib rejyonal la fè referans ak apeprè 110 milyon dola ke Konsèy la te chaje pou oryante nan pwojè presi chak ane pou konplete envestisman enfrastrikti transpò lokal nan rejyon Boston nan.]

 

Pwen fò nouvo kritè a

Rès manyèl sa mete aksan sou gwo chanjman nan kritè a ke konsèy MPO a te apwouve nan oktòb 2020. Chanjman sa yo òganize pa sijè oswa mòd transpò. Ou ka aprann plis sou kritè preesi a nan metodoloji TIP a.

 

Ou ka gade Manager Pwogram TIP a tou k ap diskite sou yon apèsi TIP a nan videyo Pòt Ouvèt sou TIP a.

 

Nòt

Pou rann kritè a pi fasil pou itilize epi konprann, MPO a te konvèti nan yon echèl 100 pwen pou sistèm notasyon an, yon chanjman pa rapò ak echèl 134 pwen anvan an. Sa pèmèt valè pwen yo tradui fasilman an pousantaj—yon fason ki pi natirèl pou tout moun konprnn pwen pwojè yo.

 

Nouvo kritè TIP a patikilye ak chak pwogram envestisman epi li konsantre sou eleman inik pou chak kalite pwojè olye li itilize menm seri kritè a pou tout pwojè yo. Byenke toujou gen yon kantite anpyètman nan kritè a atravè pwogram envestisman yo, niyans ki ajoute nan kèk kritè nan yon pwogram envestisman pèmèt yon evalyasyon ki pi fasone pou chak kalite pwojè.

 

MPO a te kreye tou nouvo kritè pou note pwojè yo nan Pwogram Modènizasyon Transpò a, yon nouvo priyorite pou MPO ak ak yon pwogram kote konsèy la vize depanse pis pase 5 milyon dola chak ane pou konsève epi modènize sistèm transpò rejyon an.

 

Ekite transpò

MPO a ap efòse pou asire ke pwojè li yo amelyore rezilta transpò yo pou tout moun, kèlkeswa antesedan yo, ki bay pwojè ki fè sa yo priyorite pou egalite nan popilasyon yo pou MPO a. Pou sipòte efò sa, nouvo kritè a entegre egalite nan chak objektif zòn MPO a. Kounye a, pwojè yo resevwa pe a pe plis pwen baze sou 

 

[Egalite popilasyon yo enkli moun ki gen revni ki ba, moun koulè, moun yo idantifye kòm Ispanik, moun ki gen metriz limite nan anglè, moun ki gen enfimite, granmoun aje (laj 75an ak plis), ak jèn moun (laj 17 tan ak pi jèn).]

 

Nouvo kritè a mezire enpak yon pwojè sou moun k ap viv nan zòn pwojè a olye sou kantite moun k ap viv nan vwazinaj la sèlman. Pa egzanp, si yon pwojè diminye polisyon lè a, li resevwa plis pwen, si pwojè a gen yon pataj moun ki fè pati egalite popilasyon ki pi elve nan zòn pwojè a.

 

Nouvèl apwoch la aplike yon miltiplikatè egalite pou kritè ke MPO a te idantifye atravè sansibilizasyon piblik ak analiz done kòm bezwen transpò ki enpòtan anpil oswa kote gen disparite ki egziste pou egalite popilasyon yo. Chak miltiplikatè pwojè baze sou pousantaj popilasyon nan zòn pwojè a ki fè pati egalite popilasyon MPO a relatif ak mwayèn nan tout rejyon yo—toutotan pousantaj la pi wo, se toutotan miltiplikatè a wo.

The Transportation Equity image shows a cross section of a street with a bus stop, bus lane, two roadway lanes, a bike lane, and curb extension to improve accessibility. The image shows people waiting at the bus stop, riding in the bike lane, and using the curb extension to cross the street.

 

 

Sekirite

MPO a ap fè efò pou asire ke tout mwayen transpò yo sekirize. Pou rezon sa, MPO a revize kritè Sekirite a pou

Konsidere pwoblèm sekirite inik pwojè sikilasyon yo api bay pwen pou sa ki abòde epi idantifye risk ak danje yo.

The Safety image shows an intersection at street level filled with people. The intersection contains traffic signals with countdown timers for people walking, a bus stop, a curb extension, crosswalks, and a bike lane.

 

Dirabilite

Objektif dirabilite MPO a se pou kreye yon sistèm transpò ki ekolojik. Pou ede reyalize sa, nouvo kritè a

The Sustainability image shows a roadway with bus facilities, trees, and sidewalks. Adjacent to the roadway is open space with trees and benches. People are walking along the sidewalks and sitting on the benches.

 

Rezistans

MPO a vize pou konsève epi modènize sistèm transpò a epi planifye pou rezistans li. Pou sipòte sa, nouvo kritè a

 

[Rezistans nan planifikasyon transpò fè referans ak konstriksyon ak konsèvasyon enfrastrikti transpò a pou reponn ak ogmantasyon enpak negatif chanjman klimatik la. Evènman meteyolojik ekstrèm, ogmantasyon nivo lanmè a, ek vag chalè ki ka domaje epi pètibe sistèm transpò a. Antre estrateji rezistans transpò pou pwoteje sistèm nan kont enpak klima yo.]

The Resiliency image shows a section of a roadway with a tree trench median equipped with storm water drainage facilities. A sidewalk is located next to the median and people are walking on it.

 

 

Transpò piblik

MPO a vize amelyore fyabilite transpò piblik la epi fè transpò piblik la vin yon opsyon transpò ki fyab pou plis moun nan rejyon an. Pou sipòte objektif sa yo, nouvo kritè a

The Transit image shows a roadway slightly above street level. The roadway contains a bike lane and bus lane, and is adjacent to a transit station. There are many cars, buses, and people biking along the roadway, and there are many buildings located next to the roadway.

 

Rezo Bisiklèt ak Pyeton

MPO a aspire ogmante opsyon transpò atravè tout mwayenyo, ak yon aksan patikilye sou ekspansyon aktif transpò nan rejyon an. Pou rezon sa, nouvo kritè a

Antre nòt pou nouvo ekipman bisiklèt, ki enkli ajoute paking pou bisiklèt oswa fè akomodasyon pou estasyon pataj bisiklèt.

The Bicycle and Pedestrian Networks image shows a shared-use path adjacent to a transit station. People are walking and biking on the shared-use path. A bike-share station is located next to the transit station.

 

Opòtinite ak Sipò Ekonomik

MPO a ap travay pou asire ke rezo transpò rejyon an bay yon baz ki solid pou vitalite ekonomik. Pou sipòte sa, nouvo kritè a

The Economic Opportunity and Support image shows an intersection at ground level. The intersection has dedicated curb space for pick ups and drop-offs. There is an entrance to an underground transit station. There is a bus stop next to a grocery store and across the street from affordable housing. The intersection is filled with people using the sidewalks, crossing the street, and entering the transit station.

 

Pou plis enfòmasyon

Aprann plis sou MPO Rejyon Boston  nan lè ou vizite Paj Kesyon yo Poze Souvan nou an.

 

Swiv aktivite MPO yo lè ou abone ak lis difizyon nou an. Nan preferans imel, chwazi kalite mesaj pou resevwa nan chwa sa yo: Avi MPO, rapèl rankont MPO, bilten nouvèl TransReport , avi sou Egalite Transpò, ak avi Konsèy Konsiltatif Transpò Rejyonal (Regional Transportation Advisory Council) yo.

 

Swiv nou sou Facebook, Twitter, Instagram, ak LinkedIn, epi abone nan kanal YouTube nou an.

 

Matt Genova

Manadjè Pwogram Amelyorasyon Transpò

mgenova@ctps.org

857.702.3702

 

Kate White

Kowòdinatè Sansibilizasyon Piblik

kwhite@ctps.org

857.702.3658

Byenveni.

Nou envite ou patisipe nan pwosesis planifikasyon transpò nou an, kèlkeswa ras, koulè, orijin nasyonal (ki enkli moun ki gen nivo metriz anglè ki limite) relijyon, kredo, sèks, zansèt, gwoup etnik, enfimite, laj, sèks, oryantasyon seksyèl, idantite sèks oswa ekpresyon, estati ansyen militan oswa antesedan. Li avi dwa ak pwoteksyon konplè nou yo sou www. bostonmpo.org/mpo_non_discrimination.

 

Pou mande akomodasyon espesyal, oswa si ou bezen enfòmasyon sa yo nan yon lòt lang, kontakte  MPO nan 857.702.3700 (voice), 617.570.9193 (TTY) oswa civilrights@ctps.org (tanpri akòde 14 jou).

 

 

Español (Spanish) - Si necesita esta información en otro idioma, por favor contacte la Boston Region MPO al 857.702.3700.

 

简体中文 (Simplified Chinese) - 如果需要使用其它语言了解信息,请联系波士顿大都会规划组织 (Boston Region MPO) 《民权法案》第六章专员,电话 857.702.3700.

 

繁體中文 (Traditional Chinese) - 如果需要使用其他語言瞭解資訊,請聯繫波士顿大都會規劃組織(Boston Region MPO)《民權法案》第六章專員,電話 857.702.3700.

 

Kreyòl Ayisyen (Haitian Creole) - Si yon moun vle genyen enfòmasyon sa yo nan yon lòt lang, tanpri kontakte Espesyalis Boston Region MPO Title VI la nan nimewo 857.702.3700.

 

Português (Portuguese) - Caso estas informações sejam necessárias em outro idioma, por favor, contate o MPO da Região de Boston pelo telefone 857.702.3700.

 

Tiếng Việt (Vietnamese) - Nếu quý vị cần thông tin này bằng một ngôn ngữ khác, vui lòng liên lạc Boston Region MPO theo số 857.702.3700.