Rezime Egzekitif

entwodiksyon

Plan envestisman kapital pou transpò sou senk an Òganizasyon Planifikasyon Rejyon Metwopolitèn (MPO: Metropolitan Planning Organization) Rejyon Boston nan, Pwogram AmelyorasyonTranpò (TIP: Transportation Improvement Program) ane fiskal federal (Federal Fiscal Years, FFY) 2023-27 yo, se pwogram envestisman akoutèm pou sistèm transpò rejyon an. TIP ki oryante pa vizyon, bi ak objektif MPO Rejyon Boston nan, priyorize envestisman ki prezève sistèm transpò nan yon bon eta  repare, bay transpò ki an sekirite pou tout mwayen transpò, amelyore vivabilite, fè pwomosyon ekite ak dirabilite, epi amelyore mobilite nan tout rejyon an. Envestisman sa yo finanse gwo rekonstriksyon otowout, wout prensipal ak amelyorasyon entèseksyon yo, mentnans ak ekspansyon sistèm transpò piblik la, konstriksyon wout bisiklèt, amelyorasyon ak rekonstriksyon enfrastrikti pou gwo otowout ak rekonstriksyon.

 

MPO Rejyon Boston lan oryante pa yon konsèy 22 manm ki gen reprezantan ajans eta, òganizasyon rejyonal, ak minisipalite yo. Jiridiksyon li yo elaji soti apeprè nan nò Boston rive nan Ipswich, nan sid rive Marshfield, ak nan lwès rive nan Interstate 495 lan. Chak ane, MPO a jere yon pwosesis pou deside kijan pou depanse fon transpò federal yo pou pwojè kapital yo. Staf Planifikasyon Santral (Central Transportation Planning Staff, CTPS) la, ki se staf MPO a, jere pwosesis devlopman TIP a.

 

Staf MPO a kowòdone evalyasyon demand finansman pou pwojè yo, pwopoze pwogramasyon pwojè aktyèl ak nouvo pwojè ki baze sou nivo finansman antisipe, sipòte konsèy MPO a pou devlope yon bouyon dokiman TIP, epi fasilite yon revizyon piblik bouyon an anvan konsèy MPO a apwouve dokiman final la.

 

envestisman tip pou ane fiskal 2023–27 yo

Pwogram konplè TIP a disponib nan Chapit 3 dokiman sa e li sou entènèt nan bostonmpo.org/tip. Tablo TIP a bay detay sou fason finansman yo alwe bay chak pwojè ki pwograme ak pwogram envestisman kapital yo. Tablo sa yo òganize pa ane fiskal federal epi yo gwoupe pa pwogram otowout ak transpò an komen.

 

Pwogram Otowout

Pwogram Otowout nan TIP a finanse pwojè transpò priyorite Depatman Transpò Massachussetts (Massachusetts Department of Transportation, MassDOT) avanse yo ak vil nan rejyon Boston yo. Pogram nan dedye prensipalman pou prezève epi modènize rezo wout ki egziste a lè l rekonstui wout ateryèl yo, repave otowout yo, epi ranplase pon yo.

 

Nan Massachusetts, finansman Èd Federal Pwogram Otowout la distribye pa MassDOT, ki alwe finansman  pou pèman Nòt Antisipasyon Sibvansyon (Grant Anticipation Notes, GAN), divès pwogram nan tout eta a, ak Sib Rejyonal pou MPO eta yo. Nan TIP Ane Fiskal Federal 2023–27 lan, pwogram wout, pon ak wout pou bisiklèt ak pyeton bay yon total 2.5 milya dola pou finanse rejyon Boston nan. Finansman Sib Rejyonal yo prevwa nan MPO a ka pwograme pou pwojè ki nan diskresyon chak MPO, byenke MassDOT gen diskresyon pou pwopoze pwojè li rekòmande pou pwogram tout eta a, tankou sa ki lye ak reparasyon pon ak mentnans otowout ant eta a.

 

Pwogram Transpò

Pwogram Tranpò TIP a bay finansman pou pwojè ak pwogram ki abòde bezwen kapital ke twa otorite transpò nan rejyon an bay priyorite; Otorite Transpò Massachusetts Bay (MBTA:  Massachusetts Bay Transportation Authority), Otorite Tranpò Cape Ann (CATA: Cape Ann Transportation Authority), ak Otorite Transpò Rejyonal MetroWest (MWRTA: MetroWest Regional Transit Authority). Pwogram Transpò a dedye plis pou reyalize epi konsève yon eta an bon eta pou tout atou nan sistèm transpò a.

 

TIP Ane Fiskal Federal 2023–27 la genyen ladan l apeprè 4 milya dola envestisman otorite transpò piblik la k ap sipòte eta bon reparasyon, modènize sistèm transpò piblik la epi ogmante aksè nan transpò piblik. Anplis, apati ane fiskal federal 2025 lan, MPO a ap alwe senk pousan nan fon Sib Rejyonal anyèl li yo pou nouvo pwogram envestisman nan Modènizasyon Sistèm Transpò li an. Pwogram sa gen objektif pou apiye envestisman ki fèt atravè Pwogram Transpò an Komen an lè l itilize yon pòsyon nan Pwogram Otowout la pou reponn ak bezwen pwojè transpò an komen ki pa atenn nan rejyon an. MPO a te deja kòmanse finanse pwojè ki diskrè atravè pwogram sa anvan Ane Fiskal Federal 2025 lan, ki baze sou yon finansman anplis ki disponib nan Ane Fiskal Federal 2023 ak 2024 lan jan sa detaye anba la.

 

detay sou pwogram sib rejyonal yo

Pandan Ane Fiskal Federal 2023-27 lan, MPO Rejyon Boston nan prevwa finanse 51 pwojè ak pwogram ak fon Sib Rejyonal li a. Antou, yo te ajoute 23 nouvo pwojè nan pwogram Sib Rejyonal MPO pandan sik TIP sa. Detay sou pwojè sa yo disponib nan tablo ES-1.

 

 

 

 

 

 

Tablo ES-1
Nouvo Pwojè Sib Rejyonal ki Finanse nan TIP Ane Fiskal Federal 2023–27

Non Pwojè a

Minisipalite (Defansè)

Pwogram Envestisman MPO

Ane fiskal federal finansman yo

Lajan sib rejyonal ki pwograme nan ane fiskal federal 2023-27 yo  

Faz II Amelyorasyon Estasyon Lynn

Lynn (MBTA)

Modènizasyon sikilasyon

202324

$48,100,000

Reyabilitasyon Washington Street

Brookline

Finisyon ri yo:

2027

$30,030,812

Reyabilitasyon pon, Commonwealth Avenue (Route 30) sou Rivyè Charles

Newton ak Weston (MassDOT)

Finisyon ri yo:

2024

$22,725,820

Wout kominotè, Pòsyon Belmont nan MCRT (Faz 1)

Belmont

Bisiklèt ak Pyeton

2026

$21,034,382

Konstriksyon Boulva McGrath*

Somerville (MassDOT)

Gwo enfrastrikti

2027

20,000,000$

Rekonstriksyon Route 30

Weston

Finisyon ri yo:

2026

$17,028,272

Rekonstriksyon Western Avenue*

Lynn

Finisyon ri yo:

2027

$15,000,000

Amelyorasyon Boston Street

Salem

Finisyon ri yo:

2026

$13,977,600

Rekonstriksyon Park Street ak Pearl Street

Chelsea

Finisyon ri yo:

2027

$12,123,769

Konstriksyon Wout Ray

Swampscott

Bisiklèt ak Pyeton

2027

$8,932,000

Pwojè Amelyorasyon Estasyon Forest Hills**

Boston (MBTA)

Modènizasyon sikilasyon

2024

$6,400,000

Amelyorasyon Entèseksyon nan Wout Boston Post (Route 20) nan Wellesley Street

Weston

Amelyorasyon entèseksyon

2026

$2,681,330

Sèvis Mikwo-tranzit RTA Montachusett

Bolton, Boxborough, Littleton, ak Stow (MART)

Koneksyon kominotè

202325

$1,316,061

Ekspansyon Sèvis Navèt Pleasant Street

Watertown

Koneksyon kominotè

202325

$1,002,198

Ekspansyon sèvis Mikwo-Tranzit NewMo

Newton

Koneksyon kominotè

202325

$890,574

Ekspansyon Sèvis Mikwo-Tranzit sou Demann CATA

Gloucester ak Rockport (CATA)

Koneksyon kominotè

202325

$813,291

Sèvis navèt Stoneham

Stoneham

Koneksyon kominotè

202325

$796,817

Ekspansyon sèvis Mikwo-Tranzit CatchConnect

Hudson ak Marlborough (MWRTA)

Koneksyon kominotè

202325

$450,163

Ranplasman ak Ekspansyon Sistèm Estasyon Bluebikes

Cambridge

Koneksyon kominotè

2023

$349,608

Ekspansyon Sistèm Bluebikes

Malden ak Medford

Koneksyon kominotè

2023

$145,821

Ekspansyon Sistèm Bluebikes

Salem

Koneksyon kominotè

2023

$119,629

Paking pou bisiklèt sou tout wout ray Bruce Freeman lan

Acton

Koneksyon kominotè

2023

$8,017

Paking pou bisiklèt Chenery Middle School

Belmont

Koneksyon kominotè

2023

$4,376

Total

N/A

N/A

N/A

$223,930,540

Nòt: Montan finansman ki nan tablo a genyen ladan l fon federal ak fon ki pa federal, ki enkli fon ki koresponn yo.

*Finansman ki nan tablo sa reprezante premye ane finansman an, avèk finansman siplemantè MPO Rejyon Boston lan prevwa alwe pou pwojè sa yo nan ane fiskal k ap vini yo.

**Finansman ki nan tablo sa reprezante finansman pasyèl. Y ap idantifye sous finansman siplemantè pou Pwojè Amelyorasyon Estasyon Forest Hills la nan ane fiskal k ap vini yo. Depans total pwojè a se $68,000,000.
CATA = Cape Ann Transportation Authority (Otorite Transpò Cape Ann) FFY = federal fiscal year (ane fiskal federal). MART = Montachusett Montachusett Area Regional Transit (Transpò an Komen Rejyonal Zòn Montachusett). MCRT = Mass Central Rail Trail (Wout Ray Santral Mass). MWRTA = MetroWest Regional transit authority (Otorite Rejyonal Transpò an Komen). N/A = not applicable (pa aplikab). RTA = Regional transit authority (Otorite rejyonal transpò an komen).

Sous: MPO Rejyon Boston.

 

Evènman ki oryante devlopman TIP ane fiskal 2023–27  la se te ratifikasyon Lwa Enfrastrikti Bipati a (Bipartisan Infrastructure Law, BIL), nan dat 15 novanm 2021. BIL la se nouvo otorizasyon finansman federal sou senk an pou pwojè ak pwogram transpò yo, k ap ranplase Lwa sou Transpò, Repare Sifas Amerik la kòm lejislasyon prensipal k ap gouvène pou pwosesis TIP a. BIL la te ogmante kantite finansman Sib ReJyonal ki disponib pou MPO Rejyon Boston lan pou devlopman TIP ane fiskal federal 2023–27 de apeprè 20 pousan pa rapò ak nivo finansman TIP ane fiskal federal 2022–26 la. Finansman siplemantè sa yo pèmèt MPO a pwograme yon kantite nouvo pwogram ki gwo anpil nan sik TIP (22) yo pase sa ki nan sik TIP ane fiskal federal 2022–26 yo (10) oswa sik TIP ane fiskal federal 2021–25 yo (8).

 

Menm jan ak nan pifò ane yo, majorite finansman ki disponib pou alokasyon pa MPO a pandan sik TIP ane fiskal federal 2023–27 yo te nan senkyèm ane ak ane final TIP ane fiskal federal 2027 la.  Men, kontrèman ak pifò ane yo, finansman apeprè 20 milyon dola ki ajoute nan nouvo BIL chak ane apati ane fiskal federal 2023 a te kreye nouvo sipli finansman nan kòmansman ane fiskal federal TIP (ane fiskal federal 2023 ak 2024 yo). Sipli sa yo te konpoze lè yo pwograme reta pou de pwojè ki te deja finanse pa MPO a ((pwojè #606453—Amerlyorasyon sou Boylston Street ak pwojè #606226—Rekonstriksyon Rutherford Avenue, toulede nan Boston). Ansanm, dinamik sa yo te mennen nan yon sipli finansman ki depase 90 milyon dola nan ane fiskal federal 2023 ak 2024.

 

MPO a pa t gen okenn pwojè Sib Rejyonal ki finanse aktyèlman ki ta ka akselere pou itilize fon sa yo, alò MPO a te travay ak MassDOT ak MTBA a pou idantifye pwojè ki ta ka finanse nan ane fiskal sa yo. Ansanm, MassDOT ak MBTA te pote plis pase yon douzèn pwojè bay MPO a pou konsiderasyon, kote MPO a te chwazi twa pwojè pami yo pou finansman nan ane fiskal federal 2023 ak 2024:

 

Pwojè sa yo pa t evalye fòmèlman dapre kritè seleksyon pwojè MPO a anvan MPO a te pran desizyon finansman yo, akoz anplwaye MPO yo pa t gen ase tan pou evalye pwojè yo anvan dat final pou MPO a pran desizyon an. Malgre yo pa t gen nòt, pwojè yo ale jeneralman nan menm sans ak anpil nan objektif MPO yo, ki enkli amelyore sekirite ak aksè bisiklèt ak pyeton, epi konsève yon eta bon reparasyon pou sistèm transpò an komen rejyon an ak wout ki enpòtan yo. Enfòmasyon sou nòt yo ap antre pou pwojè sa yo lè yo disponib.

 

MPO a te pran plizyè lòt desizyon kle nan redaksyon Pwogram Sib Rejyonal ane fiskal federal 2023–27 la, ki enkli sa ki annapre yo:

 

Imaj ES-1 an montre kijan finansman Sib Rejyonal pou Ane Fiskal Federal 2023–27 la distribye atravè pwogram envestisman MPO a. Jan tablo a montre l, Pwogram Sib Rejyonal MPO Rejyon Boston nan devwe prensipalman pou fasilite mobilite ak sekirite pou tout mwayen transpò yo atravè gwo envestisman nan pwojè finisyon ri yo. Yon gwo pòsyon nan finansman MPO a sipòte modènizasyon wout rejyonal kle ak enfrastrikti transpò atravè envestisman nan Gwo pwojè Modènizasyon Enfrastrikti ak Transpò an Komen yo. MPO a te chwazi kite apeprè 29.2 milyon dola san pwograme tou, prefere kenbe fon sa yo pou itilizasyon nan sik TIP alavni yo pou sipòte yon pwogram jeneral ki pi fleksib nan ane fiskal k ap vini yo.

 

 

Imaj ES-1
Finansman Sib Rejyonal TIP Ane Fiskal Federal 2023-27 yo pa Pwogram Envestisman MPO

Imaj ES-1 
Finansman Sib Rejyonal TIP Ane Fiskal Federal 2023-27 yo pa Pwogram Envestisman MPO

FFY = federal fiscal year (ane fiskal federal). MPO = metropolitan planning organization (òganizasyon planifikasyon metwopolitèn). TIP= Transportation Improvement Program (Pwogram Amelyorasyon Transpò).

Sous: MPO Rejyon Boston.

 

Anplis distribisyon finansman atravè pwogram envestisman MPO ki site anwo yo, Tablo ES-2 an detaye kantite pwojè ak alokasyon finansman atravè chak pwogram nan TIP ane fiskal federal 2023–27 la. Jan li note nan tablo a, MPO a te pwograme plis pase 95 pousan nan finansman ki disponib li yo sou senk ane. Gen plis detay sou chak pwojè ki finanse atravè pwogram Sib Rejyonal MPO a ki disponib nan chapit 3 a.

 

 

 

 

 

 

Tablo ES-2
Rezime Envestisman nan Sib Rejyonal MPO Rejyon Boston pou ane fiskal federal 2023–27 yo.

Pwogram Envestisman MPO

Kantite Pwojè

Montan ki pwograme pou Sib Rejyonal la

Koneksyon rezo bisiklèt ak pyeton

4

$40,222,704

Koneksyon Kominotè (ki alwe nan pwojè yo)

13

$6,374,274

Koneksyon Kominotè (ki pa ko alwe nan pwojè yo)

N/A

$6,716,799

Finisyon ri yo*

22

$306,251,630

Amelyorasyon entèseksyon

7

$47,175,058

Gwo Enfrastrikti—Wout

3

$135,371,843

Modènizasyon transpò an komen (ki alwe nan pwojè yo)

2

$54,500,000

Modènizasyon transpò an komen (ki pa ko alwe nan pwojè yo)

N/A

$19,500,000

Pa pwograme

N/A

$29,243,530

Total

51

$645,355,838

Nòt: Montan finansman ki nan tablo a genyen ladan l fon federal ak fon ki pa federal, ki enkli fon ki koresponn yo.

*Yon pwojè Finisyon Ri MPO-finanse (608348—Bridge Street) finanse pasyèlman atravè Pwogram  Diskresyonè Afektasyon (Earmark Discretionary Program) MassDOT la.

FFY = federal fiscal year (ane fiskal federal). MPO = metropolitan planning organization (òganizasyon planifikasyon metwopolitèn). N/A = not applicable (pa aplikab).

Sous: MPO Rejyon Boston.

 

Lè l ap pran desizyon pou konnen ki pwojè pou finanse, MPO a pa sèlman konsidere distribisyon relatif fon atravè pwojè ak pwogram envestisman yo, men tou kijan alokasyon fon yo fèt pou chak pwogram envestisman pa rapò ak objektif finansman ki souliyen nan Plan Transpò Alontèm (Long-Range Transportation Plan, LRTP) MPO a, Destinasyon 2040. Gwosè pwogram envestisman ki te fikse nan LRTP a reflete kalite pwojè MPO a ap chèche finanse pou ede li atenn objektif li yo pou rejyon an, soti nan amelyorasyon sekirite pou tout isaje yo rive nan pwomosyon mobilite ak asksè atravè rejyon an. Gen plis enfòmasyon sou objektif MPO a ki disponib nan Chapit 1 an, ak yon konparezon ant gwosè pwgram envestisman LRTP ak nivo finansman pwogram yo nan TIP ane fiskal federal 2023–27 yo montre nan Imaj ES-2 a.

 

 

 

 

 

Imaj ES-2
TIP ane fiskal federal 2023–27: Nivo Finansman Sib Rejyonal ki lye ak Objektif Pwogram Envestisman LRTP yo

Imaj ES-2
TIP ane fiskal federal 2023–27: Nivo Finansman Sib Rejyonal ki lye ak Objektif Pwogram Envestisman LRTP yo

FFY = federal fiscal year (ane fiskal federal). LRTP = Long-Range Transportation Plan (Plan Transpò Alontèm). TIP= Transportation Improvement Program (Pwogram Amelyorasyon Transpò).

Sous: MPO Rejyon Boston.

 

 

Envestisman ki fèt nan TIP ane fiskal federal 2023–27 lan ap aplike nan 44 vil ak minisipalite nan tout rejyon MPO a, ki varye de kominote dans andeyò yo rive nan kominote ki devlope ki pi lwen sant iben yo. Imaj ES-3 a reprezante distribisyon finansman Sib Rejyonal pami uit sou-rejyon nan jiridiksyon MPO Rejyon Boston nan, jan li defini nan Konsèy Planifikasyon Zòn Metwopolitèn nan (Metropolitan Area Planning Council, MAPC). Imaj sa genyen ladan l tou enfòmasyon sou fason distribisyon finansman yo fèt pa rapò ak done kle pou mezire bezwen finansman pa sou-rejyon, ki enkli pousantaj popilasyon rejyonal, travay ak kilomèt wout nan chak sou-rejyon ki finanse ak Fon Federal.

 

 

 

Imaj ES-3
TIP Ane Fiskal Federal 2023-27: Nivo finansman sib rejyonal ki lye ak endikatè kle yo

Imaj ES-3
TIP Ane Fiskal Federal 2023-27: Nivo finansman sib rejyonal ki lye ak endikatè kle yo

Nòt: Fon ki pa pwograme yo ak fon yo kenbe pou Pwogram Modènizasyon Transpò an Komen ak Koneksyon Kominotè MPO yo pa enkli nan imaj sa.

FFY = federal fiscal year (ane fiskal federal). MAGIC = Minuteman Advisory Group on Interlocal Coordination (Pwogram Konsiltatif Minuteman sou Kowòdinasyon Entèlokal). MAPC = Metropolitan Area Planning Council (Konsèy Planifikasyon Zòn Metwopolitèn) MetroWest = Kolaborasyon Rejyonal MetroWest NSPC = North Suburban Planning Council. (Konsèy Planifikasyon Suburban Nò). NSTF = North Shore Task Force (Gwoup Travay Kot Nò). SSC = South Shore Coalition (Kowalisyon Kot Sid). SWAP = South West Advisory Committee (Komite Konsiltatif Sidwès). TIP= Transportation Improvement Program (Pwogram Amelyorasyon Transpò). TRIC = Three Rivers Interlocal Council (Konsèy Entèlokal Twa Rivyè).

Sous: MPO Rejyon Boston.

 

Lòt enfòmasyon sou distribisyon jewografik finansman Sib Rejyonal atravè rejyon an, enkli yon repatisyon finansman istorik pa minisipalite, ki antre nan Anèks D a.

 

finansman tip ane fiskal federal 2023-27

Pwogram Otowout

Pwogram Otowout TIP a te devlope ak sipozisyon ke finansman federal pou eta a t ap varye ant 789 milyon dola ak 850 milyon dola chak ane pandan senk pwochen lane yo. Montan sa yo genyen ladan yo fon MassDOT t ap mete sou kote okòmansman kòm pèman pou Pwogram Pon Akselere a epi yo pa genyen fon kontrepati yo egzije a ladan yo. Nivo finansman pou Pwogram Otowout TIP  ane fiskal 2023–27 la reprezante yon ogmantasyon apeprè 18 pousan pa rapò ak sa ane fiskal federal TIP 2022–26 yo. Se yon rezilta dirèk de ogmantasyon konsèy la nan finansman metòd federal la ki abouti sou adopsyon BIL la nan novanm 2021.

 

Pwosesis pou deside kijan pou itilize finansman federal sa nan rejyon Boston swiv plizyè etap. Premyèman, MassDOT rezève finansman an pou pèman sèvis dèt GAN yo pou Pwogram Pon Akselere a; pèman GAN anyèl yo varye ant 89 milyon e 134 milyon dola chak ane pandan senk lane TIP sa.

 

Yo te fè bidjè pou rès fon Pwogram Otowout ki finanse ak fon federal ki rete a pou sipòte priyorite eta ak priyorite rejyonal yo (ki se, MPO). Nan sik planifikasyon TIP ane fiskal federal 2023–27 la, 870 a 895 milyon dola te disponib  chak ane pou pwogramasyon nan tout eta a, sa yo genyen ladan yo montan federal ak kontrepati lokal. MassDOT jeneralman bay kontrepati lokal la (ke lòt antite yo ka bay tou); men, pwojè yo finanse jeneralman ak 80 pousan lajan federal ak 20 pousan lajan eta a, selon pwogram finansman an. Depans pou konsepsyon pwojè yo nan chaj pwomotè pwojè a.

 

Answit, MassDOT bay finansman atravè kategori finansman sa yo:

 

 

Finalman, depi bezwen sa yo satisfè, MassDOT repati rès finansman an pami MPO eta a pou pwogramasyon. Finansman diskresyonè sa pou MOP yo se lòt repatisyon pa metòd pou detèmine montan Sib Rejyonal yo. MPO Rejyon Boston nan resevwa pi gwo pòsyon finansman MPO nan eta a, avèk apeprè 43 pousan fon Sib Rejyonal Massachussetts ki alwe nan rejyon an. MassDOT devlope sib sa yo nan konsiltasyon ak Asosyasyon Ajans Planifikasyon Rejyonal Massachusetts (MARPA: Massachusetts Association of Regional Planning Agencies). Yo te pwograme TIP sa ak ipotèz ke MPO Rejyon Boston nan ap genyen ant 129 milyon ak 132 milyon dola chak ane pou montan Sib Rejyonal yo, ki konpoze ak finansman federal ak finansman eta a pou kontrepati lokal la.

 

Chak MPO ka deside kijan pou priyorize finansman Sib Rejyonal li a. Akoz finansman Sib Rejyonal la se yon branch nan Pwogram Otowout la, MPO a jeneralman pwograme majorite finansman an pou pwojè wout yo; men, MPO a repati kèk pòsyon nan finansman otowout li a nan Pwogram Transpò an Komen ak atravè Pwogram Modènizasyon Transpò an Komen ak Koneksyon Kominotè li yo. Pwogram Otowout TIP a detaye pwojè k ap resevwa finansman Sib Rejyonal nan men MPO Rejyon Boston nan, ak pwojè enfrastrikti nan rejyon Boston nan. Detay sou envestisman yo souliyen nan chapit 3 a.

 

Pwogram Transpò

Administrasyon Transpò Federal la (Federal Transit Administration, FTA) bay finansman ki pwograme nan Pwogram Transpò TIP a dapre jan li fòmile a. Twa otorite sikilasyon rejyonal nan zòn MPO Rejyon Boston nan ki se benefisyè finansman sa yo se MBTA, CATA, ak MWRTA. MBTA, ak pwogram sikilasyon ak enfrastrikti ki ka elaji li a, se benefisyè dominan finansman sikilasyon federal rejyon an.

 

Menm jan ak lejislasyon sou transpò federal aktyèl la, BIL la afekte finansman pou pwojè transpò an komen yo atravè pwogram teknik sa yo:

 

 

pwosesis devlopman tip a

Apèsi

Lè y ap detèmine ki pwojè pou finanse atravè pwosesis finansman Sib Rejyonal la, manm MPO yo kolabore ak minisipalite, ajans eta, manm piblik, gwoup defans ak lòt pati ki gen enterè. Konsèy MPO a itilize kritè evalyasyon nan pwosesis seleksyon pwojè li a pou ede idantifye epi priyorize pwojè ki fè objektif nan sis domèn MPO yo avanse:

 

 

Anplis, MPO a te etabli pwogram envestisman yo, ki fèt pou dirije finansman Sib Rejyonal yo vè domèn priyorite MPO yo pandan 20 pwochen lane yo pou ede atenn objektif sa yo. Pwogram envestisman yo se sa yo:

 

 

Pwojè MPO chwazi pou resevwa finansman Sib Rejyonal yo atravè pwosesis devlopman TIP a ki antre nan youn nan sis pwogram ki site anwo yo. Plis enfòmasyon sou pwogram Envestisman MPO yo disponib nan Chapit 2 a.

 

Nan dènye ane yo, MPO a te mete pratik planifikasyon ak pwogramasyon ki baze sou pèfòmans (PBPP: performance-based planning and programming) nan devlopman TIP ak lòt pwosesis. Pratik sa yo fèt pou ede dirije finansman MPO yo vè reyalizasyon rezilta presi pou sistèm transpò a. Objektif MPO yo ak pwogram envestisman yo se eleman kle nan estrikti PBPP li a. Nan Ane Fiskal Federal 2018 la, MPO a te kòmanse fikse sib pou mezi pèfòmans presi. Toutotan tan ap pase, MPO ap lye objektif pèfòmans, desizyon envestisman ak aktivite kontwòl ak evalyasyon li yo nan fason ki pi sere. Plis enfòmasyon sou PBPP a disponib nan Chapit 4 la ansanm ak Anèks A (Tablo A-2).

 

Sansibilizasyon ak Kòlèk Done

Pwogram sansibilizasyon an kòmanse nan kòmansman ane fiskal federal la, lè  vil ak komin yo deziyen kontak TIP yo epi kòmanse devlope yon lis pwojè priyorite pou konsidere pou finansman federal, epi staf MPO yo mande estaf vil nan rejyon an pou idantifye pwojè priyorite yo. Staf MPO a konpile demann finansman pwojè a nan yon Inivè Pwojè, yon lis tout pwojè Koneksyon Rezo Bisiklèt ak Pyeton, Finisyon Ri, Amelyorasyon Entèseksyon, ak Gwo pwojè enfrastrikti yo idantifye kòm kandida potansyèl pou resevwa finansman atravè TIP a. Pwojè k ap chèche finansman atravè Pwogram Koneksyon Kominotè MPO yo pa enkli nan Inivè a, akoz yo konsidere tout pwojè ki aplike pou pwosesis aplikasyon pwogram sa pou finansman. MPO a pa site pwojè Modènizasyon Transpò an Komen yo aktyèlman nan Inivè a, akoz pwosesis resepsyon pwojè pou pwogram sa ap devlope aktyèlman. Inivè a genyen ladan l pwojè nan divès nivo preparasyon, soti nan sila yo ki gen travay enjenyeri ak konsepsyon enpòtan rive nan sa ki toujou nan premye estad konsepsyon oubyen planifikasyon. Staf MPO a kolekte done sou chak pwojè nan Inivè a pou yo ka evalye pwojè yo.

 

Evalyasyon Pwojè

Staf MPO a evalye pwojè yo baze sou ki pwen yo abòde objektif MPO yo byen. Pou staf MPO a ka fè evalyasyon yon pwojè, pwojè koneksyon rezo bisiklèt ak pyeton, finisyon ri, amelyorasyon entèseksyon, epi gwo pwojè enfrastrikti yo dwe genyen yon rapò konsepsyon ki fonksyonèl, oswa plan pwojè yo dwe genyen ladan yo nivo detay ki defini nan yon rapò konsepsyon ki fonksyonèl, yon pwojè jeneralman atenn limit li lè li rapwoche nan 25 pousan estad konsepsyon li. Pou fini yon evalyasyon pou pwojè ki nan konsiderasyon nan Pwogram Koneksyon Kominotè MPO yo, sipòtè pwojè yo dwe soumèt yon aplikasyon ki ranpli bay staf MPO a.

 

Nan repons ak ogmantasyon depans enpòtan nan sik TIP yo pou pwojè ki deja pwograme pou finansman yo, konsèy MPO a te kreye yon komite apre sik TIP ane fiskal federal 2022–26 yo pou eksplore pi plis koz ogmantasyon nan depans pwojè yo ak chanjman nan politik deviz MPO yo pou sipòte livrezon pwojè ki fyab. Komite Ad Hoc sou Depans Pwojè TIP a te kòmanse travay li nan mwa jwen 2021, epi li te avanse yon seri rekòmandasyon politik bay konsèy MPO a nan mwa septanm 2021. Chanjman sa yo te adopte fòmèlman pa MPO a nan dat 4 novanm 2021, epi yo te anvigè pou devlopman TIP ane fiskal federal 2023–27 yo.

 

Pami lòt chanjman yo, MPO a te chwazi kodifye politik li pou egzije ke pwomotè pwojè yo soumèt 25 pousan konsepsyon yo epi gen yon estimasyon depans ki ajou pou pwojè yo anvan yo pwograme yo nan TIP a. Byenke nouvo politik sa te anvigè fòmèlman pou sik TIP ane fiskal federal 2023–27 a, MPO a te vle kenbe limit sa fleksib nan premye ane mizanplas li a, pliske politik la pa t adopte jiska apre kòmansman devlopman TIP a. Anplis, pwojè yo toujou note anvan yo rive nan 25 pousan estad konsepsyon an pou bay eleman ki gen yon sans pou limit kote pwojè yo ale nan menm sans ak objektif ak kritè klasman MPO yo.

 

Evalyasyon an bay rezilta pou tout pwojè yo prezante bay manm konsèy MPO yo pou konsiderasyon pou pwogramasyon nan TIP a. Yo pataje nòt pwovizwa yo ak pwomotè pwojè yo, kote yo ankouraje pwomotè yo verifye nòt yo epi bay kòmantè pou staf MPO a ka fè tout ajisteman ki garanti pou rive nan rezilta final ki egzak. Depi pwomotè yo verifye nòt yo, yo pibliye rezilta nòt final yo sou sitwèb MPO a kote manm MPO yo, ofisyèl minisipal yo, ak manm piblik la ka revize yo.

 

Jounen Preparasyon TIP la

Yon etap enpòtan pou pwogramasyon TIP a fèt nan mitan rive nan sik devlopman TIP a nan yon rankont—ke yo rele Jounen Preparasyon TIP —ke anplwaye MassDOT ak MPO yo patisipe. Nan rankont sa, jesyonè pwojè MassDOT yo bay mizajou sou chajman nan depans ak pwogram ki asosye ak pwojè yo pwograme kounye a yo. Yo dwe pran chanjman nan depans ak pwogram sa yo an kont pandan staf MPO a ap ede konsèy MPO a konsidere mizajou ane TIP ki pwograme deja a, ansanm ak lòt nouvo pwojè nan ane ki pi lwen TIP a.

 

Pami lòt nouvo politik Komite Ad Hoc sou Depans Pwojè TIP a avanse yo, konsèy MPO a te adopte yon politik ki egzije pwomotè pwojè ki gen yon ogmantasyon nan depans 25 pousan oswa plis (pou pwojè ki koute mwens pase 10 milyon dola) oswa 2.5 milyon dola oswa plis (pou pwojè ki koute plis pase 10 milyon dola) pou prezante bay konsèy MPO a rezon ogmantasyon depans sa yo. MPO a t ap ankouraje yo apre sa pou konpare pwojè sa yo—nan nouvo depans yo—ak lòt pwojè ki baze sou yon evalyasyon rantabilite anvan yo pran desizyon pou konnen si pou yo finanse pwojè yo nan depans ki pi wo. Chanjman nan depans sa yo revele souvan atravè konvèsasyon ant staf MassDOT ak staf MPO a pandan Jounen Preparasyon TIP a, ki fè nouvo politik sa enpòtan espesyalman nan estad devlopman TIP a.

 

Rekòmandasyon Staf ak Bouyon TIP a

Lè w itilize rezilta evalyasyon ak enfòmasyon sou preparasyon pwojè a (ki se, limit kote pwojè a fèt konplètman epi prepare pou konstriksyon), staf MPO a prepare yon rekòmandasyon oubyen yon seri senaryo pwogramasyon sou fason pwogram Sib Rejyonal la finanse nan TIP a. Lòt konsiderasyon, tankou si yon pwojè te antre nan LRTP a, abòde yon bezwen transpò yo itilize oubyen fè pwomosyon envestisman pou distribisyon transpò atravè rejyon an, antre tou nan senaryo pwogramasyon sa yo. Rekòmandasyon staf la toujou restrenn sou plan finansye—ki vle di li sijè pou finansman ki disponib la. Te genyen anviwon 645 milyon dola finansman Sib Rejyonal ki disponib pou MPO Rejyon Boston nan pou Ane Fiskal Federal 2023–27 la. Nan sik TIP sa, manm konsèy MPO yo te diskite sou plizyè senaryo pou Pwogram Sib Rejyonal la pou pwojè otowout yo epi chwazi yon pwogram prefere nan mwa mas 2022.

 

Anplis li bay finansman Sib Rejyonal la priyorite, konsèy MPO a revize epi apwouve tou pwogram otowout nan tout eta a ke MassDOT rekòmande pou pwogramasyon. Konsèy la revize epi apwouve tou pwogramasyon fon yo pou pwogram kapital transpò MBTA, CATA, ak MWRTA yo.

 

Apwobasyon TIP a

Apre li chwazi yon senaryo li prefere, dabitid nan fen mwa mas, konsèy MPO a vote pou pibliye bouyon TIP a pou yon peryòd revizyon piblik 21 jou. Jeneralman, peryòd kòmantè a kòmanse nan fen avril oubyen nan kòmansman me, epi pandan tan sa, MPO a envite manm piblik, fonksyonè minisipal yo ak lòt pati ki konsène nan rejon Boston nan pou revize pwogram yo pwopoze yo epi soumèt fidbak. Pandan peryòd revizyon piblik la, staf MPO a akeyi rankont piblik pou diskite sou bouyon dokiman TIP a epi sisite lòt kòmantè.

 

Apre peryòd revizyon piblik la fini, konsèy MPO a revize tout kòmantè minisipal ak piblik yo epi li ka chanje kèk eleman nan dokiman an oubyen pwogramasyon li a. Apre sa, konsèy MPO a apwouve TIP a epi soumèt li bay Adminstrasyon Otowout Federal la (Federal Highway Administration, FHWA) ak Administrasyon Transpò Federal la (Federal Transit Administration, FTA) pou apwobasyon. MassDOT antre TIP MPO-apwouve a nan Pwogram Amelyorasyon Transpò Eta a (State Transportation Improvement Program, STIP). FHWA, FTA, ak Ajans Pwoteksyon Anviwònman Etazini an (United States Environmental Protection Agency) revize STIP la pou sètifikasyon nan dat 30 septanm, ki se dat fèmti ane fiskal federal la.

 

Mizanjou TIP a

Menm apre TIP a finalize, yo souvan dwe entwodwi modifikasyon administratif, amandman ak ajisteman akoz chanjman nan kalandriye pwojè a, depans pwojè a, sous finansman yo oubyen revni ki disponib yo. Sa ka nesesite pou repwograme yon pwojè nan yon ane finansman diferan oubyen pwograme finansman siplemantè pou yon pwojè.

 

Avi modifikasyon administratif ak amandman yo pibliye sou sit entènèt MPO a. Si gen yon amandman ki nesesè, MPO a avize minisipalite ki afekte yo, pati ki konsène ak manm piblik la pa imel. MPO jeneralman pran yon peryòd revizyon piblik 21 jou anvan li pran mezi final sou yon amandman. Nan sikonstans ekstrèm, MPO ka vote pou diminye peryòd kòmantè a a yon minimòm 15 jou. Modifikasyon administratif ak ajisteman yo piti e yo pa jistifye yon peryòd revizyon piblik dabitid.

 

Rete enplike nan TIP a

Angajman piblik la se yon aspè ki enpòtan nan pwosesis planifikasyon transpò a. Tanpri, vizite bostonmpo.org pou plis enfòmasyon sou MPO a, pou wè TIP a ann antye epi pou soumèt kòmantè ou. Ou ka vle enskri pou nouvèl ak mizajou yo pa imel lè w vizite bostonmpo.org/subscribe epi soumèt kowòdone ou. Pou mande yon kopi TIP a nan fòma ki aksesib, tanpri kontakte staf MPO a pa nenpòt nan mwayen sa yo:

 

Adrès postal: Boston Region MPO c/o CTPS Certification Activities Group, 10 Park Plaza, Suite 2150, Boston, MA 02116-3968

 

Telefòn: 857.702.3702 (vwa)

Pou moun ki gen difikilte pou tande oswa pale, konekte atravè sèvis MassRelay eta a:

Relè ki itilize TTY oswa Repò vwa: 800.439.2370
Relë ki itilize repò vwa: 866.887.6619
Relè ki itilize sentèz vokal: 866.645.9870

 

Faks: 617.570.9192

 

Imel: publicinfo@ctps.org

 

Rezime Egzekitif TIP ane fiskal federal 2022–26 la disponib antanke yon tradiksyon: