Rezime Egzekitif

Òganizasyon Planifikasyon Metwopoliten (Metropolitan Planning Organization, MPO) Rejyon Boston nan, te kreye Plan Angajman Piblik sa (Plan an) pou bay enstriksyon pou reyalize angajman ki efikas nan pwosesis planifikasyon transpò rejyonal la. Plan an oryante Pwogram Angajman Piblik (Public Engagement Program, PEP) MPO yo, ki konpoze ak tout aktivite sansibilizasyon, rankont piblik, ak kominikasyon, pou asire ke tout manm piblik laki enkli moun sistèm transpò a mal desèvi yo epi/oswa ki manke aksè nan pwosesis pou pran desizyon angen opòtinite pou fè pati pwosesis planifikasyon metwopoliten an. PEP a oryante efò MPO yo pou ofri opòtinite kontini epi enpòtan pou manm piblik la enfliyanse jan MPO a pran desizyon planifikasyon transpò nan rejyon Boston nan. Plan an endike pwosedi ki oryante PEP a.

 

Administrasyon Otowout Federal (Federal Highway Administration) ak Administrasyon Transpò Piblik Federal la (Federal Transit Administration) revize Plan an. Manm piblik la gen yon opòtinite pou fè kòmantè ak sijesyon anvan konsèy MPO a apwouve Plan an pandan tout devlopman ak peryòd kòmantè piblik la. Plan an enkli detay

 

MPO Rejyon Boston nan ankouraje kòmantè piblik la. Dokiman sa disponib sou sitwèb MPO Rejyon Boston nan, anplis Liv PEP ki akonpaye a. Pou tout kesyon oswa kòmantè, tanpri kontakte Kowòdonatè Angajman Piblik la, nan publicinfo@ctps.org oswa 857.702.3658.